Ti chèz ba

Ayiti : Pouvwa kreyòl la


lundi 7 novembre 2011

Anba pwoblèm Ayiti yo, gen yon gwo goumen k ap fèt ak pwòp lang li. Men, gen yon pwofesè ki rele Michel DeGraff ki gen yon plan odasye pou regle koze a. DeGraff ap travay kòm pwofesè lengwistik nan Enstiti Teknoloji Masachousèts (Massachusetts Institute of Technology : “MIT”)

Sa se tradiksyon an kreyòl Iv Dejan fè sou yon atik Leyon Neyfakh te ekri ann angle nan “Ideas” nan jounal Boston Globe nan dat 24 jiyè 2011 [1]

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 26 oktòb 2011

Lè DeGraff te yon jenn ti gason ann Ayiti, yon gran frè l tounen sot lekòl ak yon fèy règleman, pou elèv yo ak paran yo sonje règleman lekòl la. Nan tèt lis la te gen : “Nanpwen zam”. Jis kounye a, DeGraff sonje sa ki te ekri tousuit apre : “Nanpwen pale Kreyòl”. Elèv te dwe pale franse epi franse sèlman.

Se te kon sa tout kote nan peyi a. [E nan pi fò lekòl [2] ] se kon sa toujou, kwak an reyalite pi fò timoun k ap grandi ann Ayiti, se kreyòl sèlman yo tande, se kreyòl sèlman yo pale. Kreyòl se lang pi fò moun pale, se lang pi fò moun tande kote yo abite, ni lakay yo, ni nan mizik yo, ni nan pwovèb, ni nan blag, elatriye. Men, depi yo antre lekòl, yo vle fòse yo tonbe sèvi ak yon lang yo pa konnen. Franse se lang ti gwoup moun ki alatèt peyi a pale. Ki fè nanpwen pwoblèm ak franse pou timoun ki fè pati ti lelit sa a.

Men, pou tout lòt yo, fòse yo sèvi ak franse lakòz [pi fò ladan yo [3] ] yo prèske pa ka aprann anyen. Anpil elèv annik pe bouch yo nan klas la, yo pa pale. Dapre kalkil Ministè Edikasyon, se mwens pase yon tyè elèv ki antre nan premye ane lekòl primè ki rive nan sizyèm ane, epi se sèlman 10 pou 100 elèv ki konmanse lekòl segondè ki reyisi nan egzamen ki nan fen lekòl.

Yon pwoblèm nan afè lang lekòl ka sanble yon ti pwoblèm tou piti devan lòt maladi Ayiti genyen. Pa egzanp : tranblemanntè ki malmennen peyi a, grangou k ap tòde trip kominote l yo, kokennchenn feblès politik peyi a ak anpil zak abi k ap pede fèt pandan 200 ane istwa ki sot pase yo.

Men dapre DeGraff ak lòt entelektyèl ayisyen k ap chèche mwayen geri yon peyi ki blese e ki domaje, pwoblèm n ap pale a se nannan pwoblèm nan.

DeGraff di : “Ayiti pa p janm ka bay rannman pou li bay la si gen 90 pou 100 Ayisyen ki pa enstwi jan pou yo ta enstwi a. Depi rezèvwa sa a louvri, ki sa ki ka rive ? Se pa ni youn ni de bagay ki ta ka rive... Kalkile konbyen gran sèvo byen prepare nou ta genyen k ap eseye rezoud pwoblèm peyi a.”

Kounye a DeGraff se yon pwofesè lengwistik nan MIT. L ap sèvi ak enfliyans li genyen pou li kraze baryè prensipal ki bare wout edikasyon tout bon pou pi fò timoun Ayiti yo. Pandan twa dènye ane sa yo, li foure pye l fon nan yon esperyans lekòl k ap sèvi ak kreyòl ann Ayiti. Li travay san rete ni ann Ayiti ni o Zetazini pou li fè moun asepte yon bèl lide yo pa abitye genyen : Pou pèp aysyen regle sèten pwoblèm peyi tèt anba nou an ki sanble pwoblèm san bout, pou fè souf lavi antre nan sitiyasyon ekonomik peyi a, pou refè fondasyon l yo, pou nou fè pwogrè nan batay kont krim ak maladi, fòk pèp ayisyen chanje fason li aji ak lang manman l lan.

Fè sa rive, se plis pase yon koze règleman nan lekòl. Ayiti se yon ansyen koloni franse. Afè meprize kreyòl, sa gen rasin fon nan istwa klas sosyal ki kanpe youn kont lòt nan peyi a. Kwak kreyòl ak franse se 2 lang ki sanble, kreyòl pi jèn pase franse : kreyòl devlope nan zile a sa gen yon 300 ane kon sa pandan franse vin makònnen kò li ak lòt lang. Kreyòl gen pwòp gramè pa l, pwononsyasyon pa l epi òtograf pa l. Men, depi dat Ayisyen te konmanse pale kreyòl, gen moun ki gade li kòm yon lang ki enferyè, yon lang ki sou mank, yon espès franse ti dejwe, yon franse ki gate, yon lang ki fè moun ki pale l pa mele ak lòt moun ki sou latè a. Lengwis (ki vle di, savan ki espesyalis nan etid sou lang) wè kreyòl la kounye a kòm yon lang tout bon vre, kòm yon lang ki kenbe wòl lang li. Malgre sa, gen yon vye lide mepri nan fon kè tout kalite moun nan sosyete ayisyen an pou kreyòl la jouk jodi a, ata pami moun ki pa pale lòt lang pase kreyòl. Lide sa a gaye nan popilasyon an : kòmkwa, pou yon moun remèt kichòy nan lavi a, pou li jwenn bon djòb, pou li sou moun nan lasosyete, fòk li konn franse. [4]

Gen yon mouvman pou chanje lide sa yo depi vè 1960. Men, DeGraff, ki gen 48 an, parèt tou dènyèman kòm yon lidè pami moun save yo, kwak sa pa ofisyèl. Men pawòl Alix Cantave, fondatè Asosiyasyon Etid Ayisyen nan Inivèsite Masachousèt Boston (University of Massachusetts, Boston) : “Michel tounen savan ki alatèt mouvman sa a, sètènman.”

DeGraff ap mennen batay la 2 kote. Ann Ayiti, met sou travay l ap fè ak timoun epi rechèch l ap fè sou kreyòl, l ap ankouraje Ministè Edikasyon peyi a pou yo sipòte kreyòl nan lekòl. Lè li retounen MIT, l ap travay sou pwoblèm lengwistik, l ap fè konferans nan reyinyon syantifik epi l ap pibliye atik k ap atake vye lide sou lang kreyòl Ayiti a ak sou lòt lang ki fomè menm jan. Vye lide sa yo di kòmkwa kreyòl se lang wòwòt, lang pou pèp an reta.

Nan lekòl kote DeGraff ap travay ann Ayiti a, kote se an kreyòl yo montre tout matyè, se ak 2 grenn je l li wè chanjman ki fèt lè timoun rive etidye nan lang ni yo menm ni fanmi yo pale chak jou. Li wè jan timoun sa yo resi rive aprann kòm sa dwa.

Michel DeGraff di yon pawòl tou lòt jou nan biwo l ki nan MIT a : “Se pa ti swaf yo swaf pou chans pou yo montre sa yo vo. Gen yon timoun k ap rele m tout tan pou l di m : ‘Gade, gade, gade : M jwenn repons sa a’. Li cho, li cho. Yon timoun kon sa, petèt se li ki ta ka pwochen Einstein la. Epi yo t ap fin gaspiye ti pitit sa a. Kounye a, kalkile sa. Miltipliye timoun tan sa a ak timoun tan k ap vini an ak timoun lòt tan k ap vini an. Èske nou kalkile konbyen timoun kon sa ki pral gaspiye ?”

Yon timoun ki pale kreyòl sèlman ann Ayiti, kouman li santi kò l lè li lekòl ? Sa k pase l lè l ap fè yon devwa lakay li ? Lè l ap etidye pou egzamen ? DeGraff rakonte sa ki rive l yon jou swa nan mwa chalè, etan li t ap mache sou Channmas nan Pòtoprens, pandan youn nan vwayaj regilyè li yo ann Ayiti. Se te dat egzamen ofisyèl lè elèv sètifika ap pare kò yo pou egzamen ki pral deside si y ap kontinye etid segondè. Timoun te rasanble sou plas piblik la pou yo etidye. Se nan Channmas yo te ka jwenn limyè pou yo etidye. Lakay pi fò nan yo, nanpwen elektrisite.

Kwak Channmas la chaje ak tant pou moun ki pèdi kay yo pandan tranblemanntè a, sa li wè a te paret kichòy ki ankourajan : Timoun ki mete tèt yo ansanm pou yo etidye lè soley kouche. Men, lè DeGraff pwoche pou l koute, sa li tande a pa te ka ankouraje l menm. Elèv yo t ap fè yon dènye efò san souf pou yo pase nan egzamen an. Elèv yo t ap resite pawòl an franse yo te kopye nan liv lekòl yo. Yo t ap aprann son yo pa kè, moso pa moso. DeGraff di : “W a di se chante yo t ap chante.” Gen yon bagay ki te klè nèt pou li : pi fò timoun yo pa te konprann pawòl yo t ap repete yo menm. Kenpòt matyè yo t ap etidye, se pa aprann yo te aprann anyen ladan n.

Istwa tèt anba Ayiti ak lang franse a konmanse depi nan mwatye disetyèm syèk la, lè kolon franse mete pye sou lil Ispayola. Sa pa pran tan pou zòn nan tounen yon avantaj bab e moustache pou Lafrans. Se mas tabak, mas koton, mas sik tè yo te donnen, epi se konbyen kantite esklav afriken ki t ap redi travay pou rekòlte richès sa yo pou Lafrans.

Kreyòl Ayiti a, yo kwè li konmanse parèt bò ane 1700 kon sa. Se lang sa a Afriken yo te vin pale apre yo te rive ann Ayiti, apre yo te bwote yo kòm esklav soti divès kote ann Afrik. Kwak Kreyòl makònen moso lang franse ak moso plizyè lang afriken, li te vin tounen yon nouvo lang ki diferan ak yo tout. Li vin gen pwòp òganizasyon pa l. Epi moun ki pa pale l pa ka konprann li. (Pou lengwis, yon kreyòl se yon nouvo lang ki vin fèt kòm pitit lang ki te egziste anvan. Kwak gen moun ki kwè kreyòl se yon lang ki sou mank, lengwis rekonèt lè timoun ap grandi pandan sa yo pale a se yon kreyòl, lang lan devlope yon gramè ki anfòm nèt e ki gen menm pouvwa pou li di nenpòt ki sa nenpòt ki lòt lang ki nòmal ka di.)

An 1804, esklav ki te revolte ann Ayiti te vin fòme premye repiblik nwa ki endepandan. Men, franse rete lang gouvènman peyi a. Epi moun enstwi ak lelit ki te mèt pi bon tè yo, se franse yo te kontinye pale. Jodi a ni kreyòl ni franse pote non lang ofisyèl Ayiti. Men, yo pa prèt pou yo mete kreyòl ak franse sou menm pye egalego. Tout travay biwo gouvènman ki mande ekriti fèt an franse, tankou tout dokiman ak rapò diskisyon nan palman. Franse se lang tout dokiman fòmel tankou papye tè, rapò medical, pèmi konstriksyon. Siyal wout ekri an franse. Menm jan pou non bilding leta. De jounal ki pi enpòtan nan peyi a, Le Nouvelliste ak Le Matin, ekri sitou an franse. Se menm afè pou Le Moniteur ki pibliye nouvo lwa ak dekrè gouvènman. Tout bagay sa yo ansanm, ki rezilta sa bay ? Sa klè, sosyete ayisyen divize kareman fè 2 bò : yon ti pòsyon moun ki mele dirèk nan afè ofisyèl leta ki regle an franse a epi mas pèp la ki pa ka mele nan sa.

Arthur Spears se yon pwofesè nan City University of New York ki pibliye yon liv dènyeman kote plizyè moun ekri sou kreyòl Ayiti a. Spears di : "Gen yon sistèm lide ki derespekte kreyòl e ki bese valè li”. E se pa pami manm lelit ayisyen an sèlman kwayans sa a gaye. Nou jwenn kwayans sa a nan mas pèp la tou. Spears di : “ Se abi moun sibi ki antre fon nan lide yo. Yo toujou tande moun ap di se konn franse ki fè moun avanse. Gran nèg nan sosyete a konn franse, yo pale franse. Si w vle pitit ou reyisi pi byen pase w, sa depann de franse.” [5]

Si se kon sa, sa fasil pou nou wè pou ki sa, an jeneral, paran ann Ayiti kwè se an franse pou yo fè lekòl, e se sa yo egzije. Men, lide franse sa a kaba lè moun kalkile sa k ap pase vre nan lekòl ann Ayiti lè timoun plonje sibit, plonje nèt nan franse : sa vle di aprann pa kè tankou yon chante y ap chante san konprann. Rezilta : timoun yo betize nan matematik, nan syans, nan istwa, nan literati. Le pli souvan, yo pa aprann ni li ni ekri vre menm. Epi se pa sèlman paske yo pa konprann pwofesè yo. Nan ti lekòl andeyò ki gaye nan peyi a, gen bon valè pwofesè ki pa menm ka pale franse tout bon.

DeGraff di : “Anpil fwa, men sa w jwenn : Pwofesè yo pa konn pale franse byen, epi y ap pede fè erè nan sa y ap montre elèv yo. Epi timoun yo, pandan y ap kopye sa yo wè sou tablo a, san yo pa konprann sa y ap kopye a, yo mete lòt erè pa yo tou.”

Lòt fason pou sa chanje, se gras a sa DeGraff ak moun ki dakò avè l yo wè pou pi devan nan edikasyon ann Ayiti : Se enstwi timoun yo an kreyòl an premye. Se mete premye baz konesans lekòl yo nan lang yo deja konnen an. Lè kon sa, timoun yo ka aprann franse pi ta, kòm yon lang etranjè. Edikatè ki wè pwoblèm nan kon sa, se paske yo konnen gen teyori edikasyon ak rezilta rechèch lengwistik aplike ki fèt depi lontan e ki montre sa pi fasil pou timoun aprann li an premye nan lang yo pale a.

Gen moun ki panse si plis Ayisyen rive etidye an kreyòl, sa pral kreye chanjman ki pral refè sosyete a. Lang lan ap pèdi move non l. Sa pral kreye yon nouvo wout pou anpil moun ka rantre nan klas mwayèn. Anpil nan moun sa yo pa ka jwenn travay ki pi piti nan biwo kounye a paske anpil nan djòb sa yo mande franse. Brian Concannon, ki se direktè Enstiti pou Jistis ak Demokrasi ann Ayiti ki nan Boston, di nou : “Anplwayè (di) yo dekouraje ak pawòl anplwaye moun ki kalifye. Nan peyi a, gen ant 50 ak 80 pou 100 popilasyon an ki pa gen travay, epi anplwayè pa ka jwenn moun pou yo anplwaye. Sa se yon foli. Afè moun ki pa egalego ak afè pòv, se pwa lou sa a ki anba pi fò pwoblèm Ayiti yo. Nou ka fè inegalite ak lamizè bese si nou ka fè yon valè moun antre nan klas mwayèn epi si nou ka bay lòt moun espwa yo ta ka rive antre nan klas mwayèn nan tou. Si nou ka fè sa, sa ta ka mennen gran chanjman.”

Te gen yon lè, sa gen 30 an kon sa, sa te sanble sistèm edikasyon ann Ayiti t ap pral chanje nan direksyon sa a. Poutèt travay moun DeGraff gade kòm grantèt, kreyòl vin genyen yon òtograf estanda an 1979. Epi, an 1987, lalwa fè gouvènman ayisyen rekonèt kreyòl kòm yon lang ofisyèl ann Ayiti. Yon seri lwa, ki vin gen non Refòm Bèna, pase kòm lwa, nan dat sa a. Men, sa te kreye pwotestasyon. Refòm Bèna mande pou lekòl ann Ayiti sèvi ak kreyòl kòm lang prensipal pandan kat (4) premye ane lekòl anvan yo ajoute franse kòm yon matyè apa.

DeGraff di lwa sa yo prezante bon jan pwomès, pwomès ki ta ka fè edikasyon ayisyen chanje pou pi gran byen. Men, an lagan, yo bare yo. Paran, ata sa ki konn kreyòl sèlman, te mande kareman pou lekòl fèt an franse pou pitit yo, epi se sa ofisyèl gouvènman an te fè tou. Ofisyèl sa yo te panse lwa sa yo te trayi sa Ayiti te jwenn kòm eritye Lafrans, kòm yon peyi ki pale franse.

DeGraff di : “Se tout boulin lwa a tounen yon moso papye san valè.”

Yon jou aprèmidi, tou dènyèman, Degraff chita nan biwo l nan MIT, yon biwo ki chaje dokiman a dwat a goch. L ap pale de pwochen vwayaj li ann Ayiti. Chak mwa l al pase yon semenn oubyen ti kras plis, lè li pran avyon nan ayewopò Boston epi li pase Miyami. Vòl Miyami–Pòtoprens se 90 minit. Dènyèman, l ap okipe mete yon seri jwèt an kreyòl nan òdinatè pou yon klas elèv katriyèm ane nan Lekòl Kominotè Matènwa sou zile Lagonav pre kòt Ayiti. Fanmi ki la yo prèske tout pòv e bon valè timoun al lekòl tou grangou. Se kèk grenn moun sèlman ki konn pale franse.

DeGraff fè lide ekri yon liv sou esperyans l ap fè la a pou li montre rezilta yo jwenn nan montre timoun nan pwòp lang yo angiz eseye fè maji pou franse antre nan tèt yo. L ap sèvi ak rechèch li ansanm ak sa li wè sou pwogram lekòl la pou li pibliye atik nan revi. Epi l ap prepare prezantasyon travay li bay kolèg li nan lengwistik. Se kon sa l ap ranpli yon bò misyon li kòm pwofesè inivèsite. Aktivite sa a diferan anpil ak rechèch li fè nan lekòl ann Ayiti. Men, tou lè 2 aktivite sa yo se pou defann lang kreyòl.

Travay DeGraff kòm lengwis tounen yon atak kont sa li rele yon kwayans dejwe moun k ap pede di kreyòl pa ka sèvi pou prezante lide konplike. Li ekri anpil sou kalite teknik lang kreyòl la, nan detaye règ gramatikal li yo epi nan analize òganizasyon sentaks li. Nan atik tankou “Mit ki pi danjere lèngwis envante : Erè ki di kreyòl se lang ki pa nòmal” [6] DeGraff prezante bon rezon ki kont lide lang yo rele kreyòl, yo ta fòme yon kategori apa ki ta diferan nèt ak lòt lang. Li pa dakò ak lengwis ki te vle etidye lang kreyòl kòm yon mwayen pou yo ta rive konprann kòman lang konmanse fòme, kichòy ki sanble yon mistè. Li montre ki jan lang kreyòl ka fè chèlbè menm jan ak nenpòt ki lòt lang, epi lang kreyòl konplike menm jan ak lòt lang ki pi granmoun tankou franse oubyen angle.

Natirèlman gen yon kokennchenn diferans ant revi savan kote li ekri ak ti zòn ann Ayiti kote l ap fè rechèch sou lekòl li vle chanje yo. Men, DeGraff kwè pou sosyete ayisyen an ta asepte valè kreyòl la nèt, pou moun ki pale kreyòl konmanse santi yo fyè poutèt sa, gen yon chanjman fon ki pou fèt nan kilti a. E sa mande yon gran tèt ansanm ak ni paran, ni politisyen, ni pwofesè inivèsite, ni gran atis ayisyen ki koni.

Fè aktivite sa a demare, sa difisil. Men, DeGraff kwè aktivite a ap bay prèv li gen vale si plis paran konmanse wè timoun yo ap devlope lè yo ka pale kreyòl lekòl. Nan lekòl Lagonav la, dapre sa li di, gen yon efò ki fèt pou paran yo wè sa timoun yo remèt, epi tou pou enspektè Ministè Edikasyon wè sa ki rive. Yo rekonèt kreyòl, lang yo pale lakay yo epi non lari, se ka lang ki fè y ap aprann.

DeGraff di : “O konmansman, paran yo pa t sou sa. Yo te pè pou timoun yo pa rive okenn kote si yo pa aprann franse. Men, kounye a, yo wè timoun yo ap aprann ak kreyòl la. Yo li, yo konprann sa yo li. Lekòl la ap fè bon jan travay fè kominote a wè pi klè. Epi lekòl la montre paran yo : ‘Gade, timoun yo p ap mare ak kreyòl la. Kreyòl se bon kondisyon an menm pou pitit nou derape pou yo rive pi wo, pi wo, pi wo.’” [7]

.....................

Se Dieu Nalo Chery ki te pran foto ki nan atik la pou Boston Globe. Michel DeGraff ap pale ak elèv Lekòl Kominotè Matènwa nan Lagonave, Ayiti. DeGraff se yon pwofesè lengwistik nan MIT nan disiplin sentaks, mòfoloji, istwa lang, etid kreyòl ak kreyòl ayisyen.

[1] Nou ka jwenn vèsyon ann angle sou entènèt nan adrès sa a : http://www.boston.com/bostonglobe/i...

[2] Se Iv Dejan ki ajoute pawòl sa a [“Nan pi fò lekòl”] paske gen yon ti gwoup lekòl ki sèvi ak kreyòl kòm sa dwa.

[3] Se Iv Dejean ki ajoute pawòl sa a [“pi fò ladan yo”] paske nou dwe rekonèt gen yon ti gwoup ayisyen ki pa nan lelit la e ki kanmenm rive aprann kichòy an franse.

[4] Iv Dejan di : Mwen pase plis pase 50 an ak anpil kontak ak moun ki nan mas pèp la. Mwen pa kwè, an wetan kèk pitit mas pèp la ki fè gwo etid, gen okenn “mepri pou kreyòl”. Nou dwe fè atansyon ak lide sa a : “pou [yon moun] jwenn bon djòb, pou li sou moun nan lasosyete, fòk li konn franse.” Pou tout Ayisyen ti mwayen ki rive o Zetazini, pou yo jwenn bon djòb, yo dwe aprann angle. Sa pa mele ak “mepri pou kreyòl”. Nou merite reflechi sou sa ki rive anpil papa ak manman pitit Ayisyen o Zetazini. Se angle yo bezwen pitit yo aprann pou yo reyisi nan lavi. Ki mele yo ak franse ? Men, kreyòl mache nan santiman yo. E anpil nan paran sa yo, yo regrèt pitit yo pa nan afè kreyòl ankò.

[5] Iv Dejan di : Al gade sa mwen deja di sou lide sa a nan nòt nimewo 3 a.

[6] “Linguists’ most dangerous myth. The fallacy of Creole Exceptionalism”. Language in Society, 34.4, 2005 : http://web.mit.edu/linguistics/peop...

[7] Nou ka jwenn plis detay sou travay DeGraff nan sit entènèt sa yo :

Kèk atik : http://web.mit.edu/linguistics/peop...

“Se pawòl nou ki mare nou ansanm” (Voices from Haiti, entèvyou) : http://www.voicesfromhaiti.com/kreyol/

"Baryè lang an Ayiti : Kreyòl se lang peyi a ; se pou sa fòk lekòl fèt an kreyòl" (Le Nouvelliste, Haiti, 30 out 2010) http://www.lenouvelliste.com/articl...

"MIT’s Michel DeGraff on Expanding Access to Education in Haiti" (Education Portal, Sep 01, 2011) http://education-portal.com/article...

"A champion of Creole" (MIT News, May 12, 2011) http://web.mit.edu/newsoffice/2011/...