Haiti
Ti chèz ba

Pratik kreyòl ayisyen an andedan mondyalizasyon an (Premye pati)


Ekri jou jedi 27 oktòb 2011

Konferans Renauld GOVAIN * pwononse nan Kolèj Catts Pressoir jou lendi 24 oktòb 2011 lan nan kad selebrasyon Jounen entènasyonal lang kreyòl la

Otè a remèt dokiman an bay AlterPresse

Entwodiksyon

Nan yon mond ki ap mondyalize tèt li chak jou pi plis epi ki kote moun tout peyi, tout ras, tout kilti, tout lang ap sikile toupatou, kote fwontyè ant peyi yo sanble vle disparèt, kesyon difizyon lang tout kalite nan dinamik mondyalizasyon sa a poze san kontestasyon. Sitiyasyon kontak lang sa a antre byen fon nan kesyon mobilite entènasyonal ki se youn nan eleman ki karakterize mondyalizasyon an ki pwofite yon seri lang plis pase lòt. Ki chans kreyòl yo genyen pou yo fè plas pou tèt yo nan devni mond lan ki ap oryante bò kote rapwòchman enstitisyon, men tou, bò kote elwayman sosyete endijèn yo parapò ak sosyete oksidantal yo paske premye yo pratike yon seri lang mondyalizasyon an pa bay enpòtans ? Kòman kreyòl ayisyen an sikile andedan mondyalizasyon sa a ? Epi kòman li kapab rive benefisye pwomosyon fenomèn modèn sa a ofri lang diferan eta ki konpoze mond lan ?

Youn nan chans kreyòl la genyen, se rive nan yon nivo devlopman ki pou pèmèt li vini yon lang etranje yo anseye nan anpil kote sou latè, epi kote etranje kapab vini aprann li ann Ayiti andedan kominote ayisyen an.

Konsa, mwen divize konferans mwen an an 2 pati. Nan premye pati a, mwen ap etidye, degaje mwayen avèk posiblite nou genyen pou nou fè kreyòl la tounen yon lang yo anseye / aprann tankou yon lang etranje, sètadi ki posede yon dispozitif didaktik avèk metodolojik fòmèl ki pou fasilite travay sa a. Nan dezyèm pati a, mwen ap dekri pratik kreyòl ayisyen an andedan fenomèn mondyalizasyon an. Ni nan youn ni nan lòt ka a, mwen ap debouche sou yon seri pwopozisyon ki pou pèmèt nou rive kote mwen swete nou rive a.


I. Ansèyman kreyòl ayisyen kòm lang etranje

Jounen jodi a, nou wè yo ap jeneralize ansèyman ak aprantisaj anpil lang kòm lang etranje. Sa se youn nan egzijans mondyalizasyon an ki fè moun deplase plis pase avan epi gen plis nesesite pou kominike ak moun nan divès peyi nan divès lang. Paske youn nan karakteristik mondyalizasyon an se kontak moun divès peyi, divès kilti, donk divès lang. Lang etranje sa yo jwe yon gwo wòl nan espansyon mondyalizasyon an ki tounen yon pasaj oblije pou tout peyi ki pa vle fèmen kò li tankou yon zile.

Sepandan, si nan kontèks globalizasyon jeneralize sa a, gran lang yo jwenn yon kout pous pou yo etann kò yo nan anpil kominote, ti lang yo rele lang domine yo pa benefisye granchoz nan sa. Paregzanp, kreyòl ayisyen an, malgre li se yon lang yo rekonèt ofisyèl nan peyi Etazini, nan Leta Florid (an patikilye nan vil Miyami) ak nan Leta Nouyòk, epi yo konsidere li kòm lang kreyòl ki pi avanse nan mitan tout lòt yo, li panko benefisye anyen nan posiblite mondyalizasyon ofri.

Pale sou jan pou nou favorize yon lang lokal vin anseye tankou lang etranje, se tankou nou vle konsidere yo kapab anseye li nan sitiyation aprantisaj fòmèl pou moun ki pale li tankou premye lang oswa yon dezyèm lang. Nan lide sa a, yo kapab anseye nenpòt lang kòm lang etranje depi kondisyon didaktik ak pedagojik endispansab yo reyini pou sa. Kontrè sa nou di a vre tou, sa vle di, tout lang ki se natirèlman yon lang premye pou moun ki pale li tankou lang yo leve ladan li jiskaske yo vin gran, se yon lang matènèl.

Difizyon kreyòl ayisyen an nan peyi etranje

Difizyon yon lang nan peyi etranje se youn nan esperyans enpòtan ki fasilite devlopman li kòm lang etranje. Kijan difizyon kreyòl ayisyen an fèt aletranje ?

Plis pase 2 milyon Ayisyen ap viv nan peyi etranje. Dapre Haitian American for Economic Development (http://www.radiobalade.com/diaspora.htm), an 1997, kantite Ayisyen ki te ap viv nan peti Etazini te 1.128.798. Anviwon yon demi-milyon moun ki gen rasin yo ann Ayiti ap viv Kanada. 180.000 ap viv nan Kebèk (selon Robert BERROUËT-ORIOL [1], ki te ap entèvni nan emisyon La danse des mots, Les Sapeurs du français avèk Yvan Amar sou RFI, le 30 septanm 2011). 80.000 konsa ap viv ann Ewòp, twaka nan kantite sa a ap viv an Frans (anpatikilye nan Ildefrans). Selon Dimitri Béchacq (2003) [2] 50.000 rezide an Frans nan kòmansman ane 2000 yo. Prèske yon demi milyon ap viv nan rejyon Antiy yo : Repiblik Dominikèn, Kiba, Pòtoriko, Bahamas, Senmaten, eltr.

Nan zòn « Miami Dade » yo anseye kreyòl nan lekòl ki genyen anpil alèv ki gen rasin yo ann Ayiti. Yo sèvi ak li nan administrasyon nan zòn Miyami depi finisman lane 1990 yo. Depi aprè yon dekrè mè vil Nouyòk la, Michael Bloomberg, te pran nan dat 22 jiyèt 2008, kreyòl tounen yon lang ofisyèl nan Eta sa a epi yo sèvi avèk li nan administrasyon pou resevwa moun ki pale lang sa a sèlman. Konsa, kreyòl la bay tèt li yon plas nan « mèltingpot » ki karakterize fonksyònman Etazini. Migrasyon ayisyen nan 2 rejyon Amerik di Nò sa yo (Kanada ak Etazini) favorize difizyon lang nan aletranje. Epi kreyòl la benefisye ouvèti kiltirèl dirijan rejyon sa yo ki fonde sou sa yo rele « miltikiltiralis », pandan yo rekonèt kontribisyon Ayisyen nan konstriksyon sosyo-ekonomik yo.

Mezi sa yo pèmèt pitit Ayisyen ki ap viv nan peyi sa yo konsève lang avèk kilti orijin yo pandan yo ap devlope metriz angle a. Sa, se egzanp devlopamn yon idantite bileng ak bikiltirèl. Anmenmtan, yo pèmèt Ayisyen sa yo deplase avèk kreyòl la an dinamik mondyalizasyon an.

Ann pa bliye, nan rejyon Kebèk nou jwenn KEPKAA (Komite Entènasyonal pou Pwomosyon Kreyòl ak Alfabetizasyon) ki bay tèt li wòl pou difize kreyòl ak kilti ayisyen an nan peyi Kanada. Li konsakre, depi 19 an, tout mwa oktòb pou fete lang kreyòl la. Anplis, chak ane (depi 7 an), yo selebre yon gran aktivite sosyo-kiltirèl ki fè pwomosyon pou kreyòl ak kilti ayisyen. Se Festival entènasyonal film ayisyen nan vil Montréal.

Yon lòt pa, medya ki ap emèt nan dyaspora ayisyen yo se yon mwayen pou difizyon lang natifnatal ayisyen an nan peyi etranje. Nan peyi Etazini nou jwenn plis pase yon kenzèn estasyon radyo oswa yon seri emisyon ki fonksyone selon yon pwogramasyon ayisyen, an kreyòl. Nou p ap bliye Radyo Vwa Lamerik ki difize emisyon an kreyòl tou. Nan vil Kebèk, nou jwenn yon estasyon ki ap fonksyone an kreyòl sou band AM. Men tou, nou jwenn lòt estasyon radyo ki genyen yon pwogramasyon ayisyen men ki plis sèvi ak franse. Konsa, globalizasyon an ki mache ak sa demograf yo rele “egzòd” popilasyon patisipe nan espansyon lang yon peyi yo aletranje, menm sa yo konsidere jeneralman kòm “ti lang”.

Ann Ewòp, malgre anpil Ayisyen ki ap viv an Frans mete sou Fransè Outremè yo (Matinikè, Gwadloupeyen, Giyanè), lang kreyòl la pa yon lang yo sèvi pou kominike nan sitiyasyon fòmèl. Ayisyen yo pa vrèman òganize tèt yo an kominote kote yo ap defann yon seri valè espesyal pami yo ou ta kapab jwenn lang kreyòl la. Menm nan aktivite Platfòm Asosyasyon ayisyen ki ap evolye an Frans yo òganize, yo toujou òganize yo an franse.

Yon lòt pa, se avèk anpil kiryozite nou konstate kreyòl la pa prezan pami 93 lang yo anseye nan INALCO (Institut national des langues et civilisations orientales). Poutan, ansèyman kreyòl yo pa depaman ak misyon INALCO ki bay tèt li, ki se enseigner les langues de l’Europe Centrale et Orientale, de l’Asie, de l’Océanie, de l’Afrique et des populations aborigènes de l’Amérique, ainsi que la géographie, l’histoire, les institutions, la vie politique, économique et sociale des pays concernés.

Dispozitif ki deja la epi ki kapab itil pwojè a

Tankou Isabelle Pierozak (2002) fè remake li, depi nan finisman ane 1990 yo, kreyòl ayisyen an te deja prezan sou entènèt nan domèn didaktik. Anplis entènèt kote kreyòl la trè prezan, nou jwenn yon seri zouti aprantisaj kreyòl ki kapab ede moun apran lang nan. An 1988, Albert Valdman pibliye Ann pale kreyòl, yon mànyèl entwodiksyon nan aprantisaj kreyòl ayisyen ki destine pou moun ki pale angle, avèk dokiman sonò epi ki privilejye akvite kominikativ ki apiye sou fonetik, gramè, vokabilè… Dominique Fattier pibliye, an 2001, Le créole haïtien de poche, ki inisye frankofòn nan aprantisaj kreyòl sitou avèk konvèsasyon ki pran api sou konesans sosyokiltirèl ak fòlklorik ayisyen. Se menm bagay la pou J’apprends le créole haïtien Robert Damoiseau et Gesner Jean-Paul pibliye an 2002.

En 1972, Edner Jeanty pibliye Let’s learn Creole! An 1996 Alix Renaud pibliye o Kanada Pale kreyòl ki touche aspè gramè, fonetik, leksik, ets. Diksyonè anglè-kreyòl Learner’s Dictionary of Haitian Creole Albert Valdman nan (1996) reyedite an 2007 sou non Haitian Creole-English Bilingual Dictionary. Li gen 30 000 mo avèk 70 000 sans ak siyifikasyon... An 1980, Yves Dejean pibliye Comment écrire le créole d’Haïti. Nan menm ane sa a tou, Pierre Vernet pibliye Technique d’écriture du créole haïtien.

Jan nou kapab wè li, zouti sa yo vize 2 piblik : anglofòn ak frankofòn. Yo pa vize ispanofòn, alòske Ayiti gen bon jan rapò sosyo-jewo-politik ak peyi ispanofòn tankou Repiblik Dominikèn ki se premye vwazen nou, Kiba, Venezyela, pou nou site sa yo sèlman!

Kèk faktè ki ankouraje yon lang tounen yon lang etranje

Gen yon seri esperyans ki favorize devlopman yon lang endijèn kòm lang etranje. Nou kapab konsidere komès ak lòt peyi. Nan domèn sa a, si gen yon sèl lang yo pale nan yon peyi epi moun peyi sa a adopte yon lang ki sèvi pou kominike sou plan entènasyonal, lang lokal la pa gen anpil chans pou tounen lang yo anseye tankou lang etranje kote anpil moun pral anvi aprann li. Se ka Japon, paregzanp, ki se yon peyi devlope sou plan teknolojik, nou ta menm kapab di sou plan ekonomik tou. Se vre yo anseye japonè etranje (tankou nan INALCO) men pa gen anpil moun ki mande aprann li tankou anglè, espanyòl oswa fransè. Paske, anjeneral, Japon sèvi ak anglè pou li kenbe relasyon avèk lòt peyi. Sa, se ka pi fò peyi azyatik yo ki etabli relasyon avèk Oksidan an anglè patikilyèman. Menm jan an tou, anjeneral, peyi ewopeyen te kolonize yo kontinye, menm apre endepandans, sèvi ak lang ewopeyen an pou tabli relasyon ak lòt peyi pami yo sa ki te kolonize yo a.

Metriz kreyòl la nesesè ou menm obligatwa nan divès domèn ann Ayiti. Se ka domèn komès kote anjeneral pwopriyetè antrepriz tankou makèt, depo divès kalite pwodui, mezon enpò-ekspò… se etranje yo ye. Genyen nan yo ki fèt tou konn pale kreyòl paske yo fèt ann Ayiti. Sa ki se moun vini yo oblije aprann kreyòl sinon, yo p ap kapab egzèse aktivite komès la avèk kliyan ayisyen ki sèvi ak lang kreyòl la sèlman pou kominike. Gen 2 rezon prensipal ki fè yo oblije konn pale kreyòl. Premye a gen pou wè ak kesyon kominikasyon : ann Ayiti, nou reyalize lavi nou an kreyòl, yon mèt magazen ki pa pale lang sa a ap gen difikilte pou li vann epi li riske wè chifdafè li diminye. Pa bliye moun sa yo travay nan magazen yo kòm vandè, resepsyonis, kesye, ets. Dezyèm rezon an estratejik : lè ou pale nan lang kliyan an, ou montre ou pwòch li, ou rann li konplis nan aktivite ou la. Si yo pa pale kreyòl yo ap gen anpil difikilte pou yo kominike ak kliyan yo.

Yon lòt domèn kote pale kreyòl ann Ayiti se yon nesesite, se aktivite relijyon. Premye lidè relijye yo (katolik ou pwotestan) se etranje yo te ye. Sèten nan yo te konprann meyè fason pou yo bay levanjil yo te gen misyon popilarize a, se te prezante li bay Ayisyen yo nan lang yo konnen. E lang yo konnen an se kreyòl. E pou yo bay li an kreyòl, predikatè a ki se yon etranje te oblije li menm tou konn pale kreyol. Se konsa, premye tantativ reyisi pou nòmalize ekriti kreyòl la, nan lane 1940 yo, se te inisyativ yon pastè pwotestan ki te soti nan peyi Ilanndinò yo te rele Ormonde McConnell ki te responsab legliz Wesleyèn ann Ayiti. Tantativ ayisyen te fè an 1924 pou pwopoze yon òtograf fonetik pa te reyisi.

Jounen jodi a, misyonè relijye yo li ak ekri an kreyòl. Sèten nan yo ede nan evolisyon lang nan. Paregzanp, se yon etranje ki te fonde Jounal Bon Nouvèl, yon pè Bèlj yo te rele Jorris Keppens. Se menm bagay la pou Jounal Libète, kote se yon pè fransè ki fonde li an 1991, Jean-Yves Urfié. An jeneral, kominote legliz yo kontribye nan avansman lang kreyòl la : an 1828, kominote katolik ayisyen pibliye yon liv katechis yo te rele Bòn nouvèl pou tout moun. An 1883, Alyans biblik Inivèsèl pibliye Bib la, pawòl Bondié an Ayisyen ; an 1999, yo adapte li nan òtograf ofisyèl kreyòl la.

Kèk dispozison pou favorize kreyòl vin tounen yon lang etranje

Pou lang kreyòl la ta kapab tounen yon lang etranje yo anseye nan divès peyi, men sitou ann Ayiti, gen yon seri mezi pou nou ta pran nan domèn politik ak sosyokiltirèl ki pou ankouraje reyisit pwojè sa a ! Pami mezi sa yo, nou ap kenbe yon politik entegrasyon pou etranje ki vle vin rezide ann Ayiti. Nou ap rele mezi sa a « entegrasyon gras ak lang nan ».

Politik entegrasyon gras ak lang nan

Politik entegrasyon gras ak lang nan sipoze nou entegre etranje yo atravè kilti ayisyen an paske lang nan se eleman ki pi enpòtan pou esprime kilti yon kominote. Li reflete lavi moun ki ap viv ladan epi ki pale lang nan, jan yo ap viv, rapò yo mennen youn ak lòt epi jan yo konprann lemond ak sa ki fè li. Lojik entegrasyon sa a chita sou yon seri konesans espesyal ki tradui reyalite sosyokiltirèl moun peyi a ap viv. Sa dwe mennen etranje a rive genyen sa nou rele yon sèten otonomi nan rapò lengwistik li dwe devlope avèk Ayisyen, otonomi ki dwe konfime tèt li peranmezi aprantisaj la ap kontinye epi moun yo ap entegre nan kominote a. Fòk kreyòl la jwe wòl « lang akèy » li pou tout etranje ki frèchman rive nan peyi a. Nou enskri esperyans sa a nan yon demach kominikasyon sosyal ak kiltirèl.

Yon politik entegrasyon gras ak lang nan ki gen 2 nivo : entèn epi estèn

Nivo entèn

Premye nivo sa a ap gen misyon pou travay sou pratik lengwistik nan diferan domèn. Nan menm lojik sa a, Leta ta dwe egzije pou tout lekòl ki fonksyone ann Ayiti epi ki aplike pwogram etranje anseye kreyòl selon oryantasyon ofisyèl Leta sa a dwe etabli limenm epi ki dwe menm pou tout kalite lekòl ki ap fonksyone ann Ayiti.

Leta Ayiti ta gendwa imite yon esperyans prezidan Nicolas Sarkozy enstale an Frans depi 2007, kote yo egzije tout etranje ki vle rezide nan peyi sa a, pou yo siyen avèk Leta fransè yon « Contrat d’Accueil et d’Installation » (CAI). Andedan kontra sa a yo egzije moun sa yo aprann pale fransè yon fason pou yo pa gen pwoblèm nan entegre tèt yo nan kominote a. Men, nou dwe rive fè tou sa nan respè pou divèsite kiltirèl ak lengwistik tout moun ki ap sikile andedan mondyalizasyon an. Mwen konsidere sa tankou yon richès pou limanite.

Li nésesè pou konnen avèk ki sa pou nou fè etranje yo antre nan lang nan, pou nou pale pi klè, li ta enteresan pou konnen ki sipò nou ap sèvi pou anseye lang nan : teyat, mizik, fòlklò anjeneral oswa lòt kalite aktivite sosyokiltirèl ? Rete pou nou detèmine nati oswa kalite aktivite sa yo. Anplis, kiyès ki pral gen misyon pou anseye lang ak kilti ayisyen an ? Se evidan, Leta gen yon gran wòl pou li jwe, men se pa li ki ap egzekitan pwojè a. Nou kwè inivèsite, asosyasyon sosyokiltirèl, pwofesè kreyòl, didaktisyen, elaboratè mànyèl aprantisaj kreyòl ki chita sou prensip elaborasyon materyèl pou anseye lang etranje… tout gen kontribisyon pa yo pou yo pote.

Konsa, nou touche yon domèn yo rele entèkiltirèl ki sou wout pou li tounen yon senkyèm konpetans parapò a pwodiksyon oral/ekri; konpreyansyon oral/ekri. Li enpòtan pou entegre 4 konpozan Sophie Moirand (1982) pwopoze yo ki se : konpozan lengwistik ki chita sou apwopriyasyon konesans ak kapasite pou re-envesti yo nan sitiyasyon reyèl pou kominike ki chita sou sistèm fonolojik, leksikal, gramatikal ak tekstyèl lang nan; konpozan diskisif ki chita sou diferan kalite tèks ak jan yo fonksyone; konpozan referansyèl ki chita sou rapò ant tout kalite konesans moun nan genyen epi li kapab transfere nan yon sitiyasyon kominikasyon. Anfen, konpozan sosyokiltirèl ki chita sou règ ak nòm sosyal oswa prensip ki mete tèt yo osèvis pratik lang nan…

Nivo estèn

Nan nivo politik estèn nan, nou dwe chèche yon mannyè pou espòte lang nan nan kondisyon ki favorab pou aprann li. Sa fè tèlman lontan nou ap enpòte epi konsome lang zòt, si jodi a nou kapab kreye mwayen pou espòte lang nou an ak kilti ki mache ak li a, se ta bay tèt nou mwayen pou fè pwomosyon pou pèp Ayisyen an nan lòt peyi pandan nou ap montre yon lòt vizaj peyi a, yon lòt Ayiti ki pi otantik pase sa laprès entranje prezante anjeneral. Konsa, nou dwe mennen peyi a sou yon lòt ray kote se pa ensekirite, lamizè, debwazman, blakawout, move mannèv politik, vòlè lajan nan kès Leta… ki premye nouvèl sou Ayiti ki rive nan peyi etranje. Epi fòk etranje a santi li ansekirite nan tout sans lè li deside vin aprann lang nan peyi a! Medya ak jounalis nou yo tou dwe travay pou ofri yon nouvèl imaj sou peyi a, pou yo pa sèvi mwayen ki etabli pou dekouraje moun vizite peyi a oswa repouse sa ki te gen anvi vini. Parapò a lajan nou an, goud la, ki pa chè, se pa ni 2 ni 3 touris nou ta jwenn vizite nou si kondisyon sekirite ak sante te bon. Mwen di sante paske okenn touris ki sansib pou sante kò li p ap kontan vizite blòk Sid peyi a si li dwe pase blòk Avni Bòlòs. Malerezman, si se pa nan avyon oswa sou lanmè li vwayaje, li ap oblije pase la kanmenm !

Anjeneral, diplomat ki akredite ann Ayiti yo pa aprann pale kreyòl. Rezon : yo pa konsidere kreyòl kòm yon lang kominikasyon nan domèn ofisyèl. An 1989, lè anbasadè ameriken Alvin Adams te debake nan Ayopò Pòtoprens, premye fraz li te pwononse se te Bourik chaje pa kanpe. Jounalis ayisyen yo sitèlman pa abitye tande diplomat etranje ap pale kreyòl, yo te pase plizyè semèn ap kòmante fraz la nan tout kalite medya epi yo te tou rele anbasadè Mesye Bourik chaje. Men fòk nou souliye, anbasadè ameriken ann Ayiti kounye a, M. Kenneth Merten, genyen yon trè bon nivo metriz kreyòl la. Li apèn genyen aksan lè li ap pale !

Yon remak enpòtan mwen fè nan fòmilè debakman vwayajè ki ap rive ann Ayiti. Yo redije sa Ayisyen dwe ranpli a an fransè ak kreyòl tandiske sa fè pou etranje ranpli a fèt an anglè ak fransè. Konsa, Leta fè pwomosyon pou fransè bò kote etranje yo, men pa pou kreyòl.

Leta ayisyen ta dwe oryante rapò li avèk lòt peyi ki genyen reprezantasyon diplomatik ann Ayiti yon fason pou diplomat ki akredite ann Ayiti yo kapab genyen yon sèten metriz nan kreyòl. Li ta dwe fè menm bagay la pou koperan kiltirèl ak edikatif ki ap travay nan peyi a. Sa vle di fòk Leta ta bay tèt li mwayen yon fason pou fasilite devlopman aprantisaj kreyòl kòm lang etranje swa ann Ayiti oubyen nan lòt peyi.

Otès ki nan avyon ki desèvi Ayiti yo ta dwe bay endikasyon avèk konsiy sekirite yo an kreyòl pou Ayisyen ki pa pale lòt lang yo epi pou « kòmanse abitye zòrèy » etranje ki ap antre nan peyi a avèk pale kreyòl la. Nou remake Air Caraïbes fè li lè li ap ateri Ayiti oswa Gwadloup oubyen Matinik. Fakilte Lengwistik Aplike gendwa asire fòmasyon sa a pou nenpòt moun oswa òganizasyon ki swete sa.

Pou yon pwojè kourikoulòm Kreyòl lang etranje

Ann retounen sou kesyon kreyòl lang etranje a. Gen nesesite pou elabore yon kourikoulòm pou rann pwojè a posib. X. Roegiers, pami lòt chèchè, wè twa nivo nan elaborasyon yon kourikoulòm : nivo mikwososyal ki koresponn a gwoup moun, ekip travay yo òganize suivan wòl yo chak dwe genyen, ets. Se nan nivo sa a nou plase kesyon konesans anjeneral (kontni, kapasite, konpetans pou nou devlope). Se la nou plase kesyon metòd, aktivite, kritè ak kondisyon pou evalye, jan pou nou òganize ansèyman an, òganize gwoup yo si sa nesesè… Se nan nivo sa a pou nou trete kesyon planifikasyon kou yo ; nivo mezososyal : ki koresponn ak òganizasyon enstitisyonèl ak administrativ epi ki konsène antrepriz, enstitisyon, etablisman ansèyman yo, diferan fonksyon entèvenan yo dwe ranpli, ets. Nan nivo sa a, nou ap trete pwoblèm matyè, kalite nou ap bay pwosesis ansèyman ak aprantisaj la, relasyon travay ant manm divès gwoup, ki jan nou ap delibere apre evalyasyon, ets. Se la nou ap elabore plan etid yo ; nivo makwososyal ki gen pou wè avèk sosyete a ak tout manm li yo, li konsène valè, filozofi ak finalite nou vle devlope avèk fòmasyon nou deside bay la. Nan nivo sa a, nou poze pwoblèm fonksyònman enstitisyon yo an rapò avèk enstans ofisyèl, kesyon diplomasyon, ets.

Nou gen enterè entansifye òf ansèyman kreyòl kòm lang etranje (tankou keppka kòmanse fè li) pou nou rale plis demann. Se rapò òf ak demann nan ki pouse moun devlope metòd ak metodoloji FLE oswa TOFEL, pou nou pran egzanp sa yo sèlman. Pandan òf la ap divèsifye tèt li, demann yo ap vin miltipliye. Konsa, li enpòtan pou nou devlope yon mache editoryal ki pou founi mwayen pedagojik ak didaktik, tout kalte liv ak manyèl ki trete kesyon lasyans, literati, pwezi, ak tout lòt disiplin tankou syans sosyal, sosyoloji, sikoloji, ets. ki pou ede ansèyman kreyòl lang etranje a reyisi tèt li. Literati a, pa bliye sa, se domèn kote kreyòl pi devlope ann Ayiti.

Objektif jeneral pwojè Kreyòl ayisyen kòm lang etranje a kapab devlopman konpetans oral ak ekri nan domèn pwodiksyon ak resepsyon. Lang nan ak kilti a sitèlman pwòch, devlopman sosyokiltirèl la ap vin segonde objektif global sa a ki se metriz eleman fondamantal lang nan pou kominike nan divès okazyon oswa sitiyasyon kominikasyon. Pwogram sa a kapab dire 300 zè n ap divize an 3 modil ki ap genyen 100 è yo chak. Chak modil reprezante yon inite fòmasyon ki debouche sou yon diplòm. Yon aprenan ki sispann kou a nan mitan yon sesyon (ap gen 3) ta dwe repran nan kòmansman sesyon ki vini apre dènye diplòm li resevwa a. Nan finisman twazyèm modil la, aprè evalyasyon pou boukle modil sa a, nou ta dwe òganize yon egzamen ofisyèl ki ap delivre yon diplòm nasyonal yon enstans ofisyèl ki konpetan pou sa ap siyen.

Nou dwe òganize pwogram nan selon yon pwogresyon ki rantab. Pou kèk didaktisyen tankou R. Porquier (2000), nosyon pwogresyon an gen pou wè ak yon pwosesis, yon pakou nan tan an, yon evolisyon oubyen jan pou nou dwe ajanse yon kontni yo selon yon seri etap byen òdone pou nou fè aprenan yo devlope yon seri konesans yo rele "savwa" ak "savwafè" nou òganize davans depi nan elaborasyon kourikoulòm nan selon dire fòmasyon an. Konsa, pwogresyon an se yon nosyon ki trè dinamik (Borg, 2000). Li mennen aprenan yo sou wout pwogrè ki se yon seri konpòtman obsèvab nan pwosesis apwopriyasyon konesans an jeneral.

Entegrasyon miltimedya nan kad pwojè a

Miltimedya kapab ede nan nivo didaktik sa a. Li ofri avantaj prezante lang nan nan diferan aspè sosyokiltirèl, entèkiltirèl ki pwòch reyalite kominikatif yo. Li apiye sou teknoloji pou enfòmasyon avèk kominikasyon. Esplwatasyon zouti teknolojik yo kapab sèvi kòm lasdatou pou pwosesis sa a. Paske kreyòl la deja prezan sou entènèt se yon opòtinite nan sans sa a. Tankou Sylvain Auroux (1994), jodi a, yon lang ki pa enfòmatize sifizaman, ki pa otomatize, fiti li pa asire. Li kapab wè kantite moun ki pratike li ap diminye, etranje p ap enterese aprann li ankò epi li kapab sispann jwe yon seri wòl li abitye jwe… Paske yo ap plis peye pou aprann yon lang yo ap kapab jwenn kèk aktivite aprantisaj sou entènèt ladan li. Jounen jodi a, li difisil pou jwenn yon moun ki deside aprann yon lang etranje epi ki pa genyen aksè pou chèche enfòmasyon sou entènèt ki genyen rapò ak aktivite aprantisaj!

Lòt avantaj miltimedya a ofri : li sèvi avèk yon seri zouti tankou lojisyèl, pwojisyèl avèk didaktisyèl ki pèmèt moun devlope konpetans avèk konesans lengwistik nan yon lang san pa oblije genyen yon moun ki pou anseye yo. Anplis, itilizasyon zouti sa yo (tankou CDROM) chita sou yon pwosede yo rele nan enfòmatik « lyennay tekstyèl » ki baze sou aktivite entèraksyon alevini ant machin nan avèk moun ki ap itilize li a. Sa pèmèt li pratike sa yo rele oto-aprantisaj, sètadi li aprann pou kont li san li pa genyen yon anseyan pou gide li. Menm jan an tou, li kapab evalye tèt li pou kont li : se sa yo rele oto-evalyasyon an. Lyenanj tekstyèl la pèmèt li kapab navige soti nan yon tèks rive nan yon lòt san li pa pèdi tan. Konsa, aprenan an kapab devlope estrateji pèsonèl pou li aprann nan « entèraktivite » avèk machin nan. Menm objè avantaj sa a kapab enkonvenyan tou : si moun nan pa konnen ki jan pou li manipile materyèl la, ki jan pou li adapte li avèk li… li kapab fè li dekouraje, paregzanp.

Kreyòl nan kesyon entèkonpreyansyon nan Karayib la

Karayib la se yon rejyon miltilengwistik e miltikiltirèl kote yo pratike lang womàn tankou espànyòl ak franse ; lang jèmanik tankou anglè epi kote yo pale kreyòl ki soti andan fransè ; se ka Ayiti, Matinik, Gwadloup, Ladominik, Sentlisi, ets. oubyen ki soti nan anglè tankou Jamayik, oswa nan olandè tankou Kiraso, ets. Nou kapab konsidere divèsite idyomatik ak kiltirèl sa a tankou yon richès ak yon baryè anmenmtan pou entèkonpreyansyon nan rejyon an. Kijan pou nou ta sèvi ak miltilengwis ak miltikiltiralite sa a pou franchi baryè entèkonpreyansyon an ? Ipotèz mwen se, si kilti ak lakonesans, foutbòl oswa lanmou sèvi pou rapwoche plizyè pèp, lang nan kapab jwe menm wòl la. Men se pa natirèlman sa ka fèt. Li dwe fè objè yon politik antant pou prepare dispozitif metodolojik ki chita sou kesyon entèkiltirèl nou evoke piwo a.

Nan dènye ane sa yo, nou ap asiste fondasyon yon seri asosyasyon nan espas karibeyen an : Asosyasyon Eta Karayib yo, KARIKOM, Bank karibeyen pou devlopman, CORPUCA (Conférence des Recteurs et Présidents des Universités de la Caraïbe)… Nan kontèks kontak lengwistik sa a, kesyon entèkonpreyansyon an se yon nesesite pèsonn pa kapab konteste. Konsa, enstitisyon ki enplike nan blòk rejyonal sa yo kapab sèvi kouwa pou devlope pwojè entèkonpreyansyon an. Se nan lide sa a, CORPUCA te òganize 2-5 desanm 2008 avèk konkou AUF, UAG ak inivèsite LaHavàn, yon seminè kolòk sou tèm « L’intercompréhension des langues de la Caraïbe : un besoin, un défi », ak objektif pou fasilite entèkonpreyansyon nan domèn inivèsite nan karayib la. Seminè sa a ta dwe debouche sou elaborasyon yon fòm ansèyman pou rive etabli entèkonpreyansyon n ap pale la a.

Nosyon entèkonpreyansyon an pa ansyen nan domèn lengwistik. Sa li reprezante a te deja prezan travay filozòf tankou Paul Ricœur oswa Jurgen Habermas ki plis sèvi ak tèminoloji interaction communicationnelle. Nan domèn filozofi, nou plis jwenn entèkonpreyansyon an lye avèk nosyon an fransè « intersubjectivité ». Li gen pou wè ak sa nou rele nan domèn etid langaj « inivèso lengwistik ak konsepyèl » epi li se rezilta yon travay entèpretasyon gras ak yon pwosesis dekodaj ak analiz enfòmasyon apati abitid dekodaj nan lang premye lokitè yo. Klasikman, entèkonpreyansyon se yon teknik kominikasyon kote 2 moun (ou plis pase sa) yo chak ap pale nan lang pa yo epi yo youn konprann lòt pandan yo chak ap pale nan lang pa yo. Nan kad konferans sa a, mwen anvizaje entèkonpreyansyon an tankou yon mannyè nou kapab aranje nou pou fè lang kreyòl la tounen yon zouti pou fè moun nan espas Karayib la kapab kominike ansanm.

Se yon nosyon ki konnen yon sèten vòg dènye ane sa yo. Etid ak refleksyon sou li kòmanse ann Ewòp depi plis pase 2 dizèn ane. Ann Amerik disid, yo te kòmanse reflechi sou li sa gen yon dizèn ane, men, manke suit nan refleksyon sa yo. Nan mwa dawout 2005, yo te obòde kesyon an nan Konferans rejyonal afriken sou ansèyman bileng ak itilizasyon lang nasyonal ki te fèt nan peyi Namibi. An septanm 2007, yo òganize nan kad Inyon Ewopeyèn yon kolòk yo te rele Dialogue en intercompréhension.

Pou mwen menm, entèkonpreyansyon se yon pwosesis transfè konpetans ak konesans lengwistik ak kominikasyonèl nou deja fin genyen nan lang pa nou sou lòt lang epi ki pèmèt nou pwodui epi konprann mesaj yo pwodui nan yon lòt lang. Li fonde sou yon seri pwosede sikolengwistik : yo konpoze mesaj yo nan yon lang etranje, nou resevwa yo, trete yo, konprann yo nan lang pa nou epi nou kapab reyaji nan lang pa nou.

Konsa, lokitè a fè yon operasyon konseptyalizasyon ki fè nou kapab detèmine sans diskou a, gras ak mekanis mantal (kognitif) tretman enfòmasyon ki gen dwa fonksyone menmman parèyman nan tout lang, menmsi nou pa bliye 2 lang toujou gen gwo diferans ki fè yo chak se yon lang apa. Nou kapab esplike karakteristik sikolengwistik sa a gras ak posiblite li ofri nou pou nou soti nan mo (menmsi nou pa konnen sans yo) pou nou rive nan lide. Nou ka jwenn lide sila a nan Jean-Pierre Cuq (2003 : 208). Rete kounye a pou nou esplike epi « modelize » konsepsyon ak manifestasyon sa yo rele nan domèn sikoloji « chèm cognitif » ak « sikomotè » pou nou mete anbranl epi ki pou favorize entèkonpreyansyon an.

Konsa, entèkonpreyansyon an fonde sou sa nou rele konpetans ekstralengwistik la. Eric Castagne (2007) gen rezon souliye entèkonpreyansyon an posib gras ak konpetans ekstralengwistik, ansanm avèk transparans leksikal, sentaksik epi semantik. Men tout sa repoze sou esperyans ak konesans ajoute sou konpetans lengwistik lokitè a devlope nan lang li metrize a (yo)…

Christian Ollivier (2007) ale nan menm sans lan lè li ekri konpetans ekstralengwistik yo kapab ede nou konble kèk lakin lengwistik nou genyen nan pratik yon lang. Nan sitiyasyon entèkonpreyansyon, chak entèraktan patisipe nan pwosesis konstriksyon sans lan. Sans lan vini selon yon pwosesis negosyasyon ki chita nan kafou wout ki separe emisyon ak resepsyon diskou a nan yon kontèks espesifik. Se sa ki fè li enpòtan pou nou konsidere yon apwòch pragmatik nan mete dispozitif didaktik ak metodolojik an plas pou kesyon entèkonpreyansyon sa a.

Nan domèn kominikasyon nan lang etranje, toujou genyen sa yo rele « mizankomen » donk, pwosede entèkonpreyansyon : nou mete ansanm kilti, idantite, konpetans, enfòmasyon, lang oswa varyete lang. Faktè sa yo nou pa kapab neglije se rezilta mizanbranl tout yon sistèm eleman lang nan sèvi pou veyikile. Pwosesis kominikasyon yon moun enplike ladan li se swa yon sistèm oswa rezilta yon bann eleman ki konekte ansanm. Echanj ant anseyan ak aprenan nan sitiyasyon ansèyman lang etranje enskri nan yon dinamik entèkonpreyansyon.

Kounye a, rete pou nou poze pwoblèm kad epistemolik pou etidye epi devlope nosyon entèkonpreyansyon an. Èske nou dwe sèvi ak apwòch sosyolengwistik, lengwistik aplike oubyen apiye nou senpleman sou yon didaktik ki chita sou demach kontrastiv ? Mwen kwè nou ta dwe konstwi yon demach ki chita sou lang nou pratike nan Karayib la pandan nou ap mete kreyòl la nan mitan pwojè a. Nou pa kapab neglije pran yon seri done pragmatik ki chita pou divès mànyè moun pwodui diskou nan kad demach didaktik nou anvizaje la a.

Nou estime li enpòtan pou nou ta devlope yon ansèyman kreyòl nan yon espas nou ta kapab rele « pan kreyòl », sètadi yon inivè kreyòl ki konpoze ak diferan peyi kote yo pratike kreyòl yo, an patikilye nan espas Karayib la pandan nou ap pran an kont divèsite sosyo-lengwistiko-kiltirèl ki karakterize yo. Sa kapab mennen nou panse sou kreyasyon yon enstitisyon nou ta kapab konsidere tankou yon « kreyolofoni entegrativ » menm jan ak frankofoni, paregzanp, men ki ta dwe chita sou yon modèl ki diferan, ki konstwi selon espesifisite sosyokiltirèl ak reyalite sosyopolitik rejyon an.

Entèkonpreyansyon se yon demach ki kapab ini diferan peyi rejyon Karayib la ki genyen yon richès lengwistik, kiltirèl, etnik, politik pliryèl. Rive fè li tounen yon reyalite, se oryante desten pèp karibeyen yo ki gen yon seri espesifisite ki menm tankou lanmè, solèy, lang, ets. Enplike kreyòl la nan yon pwojè konsa se kreye yon idantite karibeyen ki pran api sou sa filozòf antiyè Edouard Glissant rele an fransè « chaos-monde » ki debouche sou yon reyalite idantitè nan domèn kreyolizasyon an. Yon idantite ki kache nan pwofondè yon seri esperyans moun kapab bliye men ki suiv nou nan esperyans sosyal, lengwistik… nan sa nou bliye oswa nou pa bay enpòtans, nan jan nou viv epi defini tèt nou kòm moun ki mennen yon fòm lavi ki fè nou diferan ak lòt moun ki fè lòt kalite esperyans ki diferan ak sa nou fè nou menm… Se sa nou ta kapab rele an franse « l’identité de l’UN par le multiple ».

Soti 28 rive 30 janvye 2009, yo òganize nan Pòtoprens 14èm reyinyon AEC kote yo abòde pwoblematik anviwònman, anpatikilye pwoblèm chanjaman klimatik. Ofisyèl yo te sèvi avèk 3 lang travay AEC nan entèvansyon yo. Atik 19 dekrè a jen 1998 ki fonde konvansyon AEC a rekonèt anglè, espànyòl ak fransè kòm lang travay asosyasyon an. Prezidan René Préval, ki sèvi avèk kreyòl la pi souvan, te pran lapawòl an fransè nan okazyon sa a ! Nan moman kote peyi Karayib yo ap plede pou yo « touris miltisektoryèl » pandan yo swete kreye oswa etabli yon « zòn touris dirab » - jan yo te byen esprime sa nan 14èm reyinyon an kote Ayiti t ap asire prezidans asosyasyon an – si prezidan an te pran lapawòl an kreyòl, sa ta montre li vle fè pwomosyon pou lang nan sou plan entènasyonal. Pwomosyon ak difizyon kreyòl la ta dwe genyen yon finalite pratik ak itilitè nan kad fonksyònman AEC avèk pwojè lè nou konsidere nan 14èm reyinyon sa a yo te sitou pale sou devlopman, touris rejyonal miltidimansyonèl, migrasyon, edikasyon, sinema, fòmasyon pwofesyonèl, echanj nan divès domèn, ets.

Pa bliye, yo pratike kreyòl fransè a nan 6 kominote ki andedan AEC : Ayiti, Giyàn, Matinik, Gwadloup, Ladominik, Sentlisi, men yo pa konsidere lang nan nan òganizasyon rejyonal sa a. Alòske fransè a pale sèlman nan 3 premye yo ki depann de Lafrans avèk Ayiti. Anplis, ti pousyè lokitè ki frankofòn yo kreyolofòn tou. Paregzanp, sou 10.000.000 moun yo di Ayiti genyen an, yo tout pratike kreyòl. Men se mwens pase 15% yo sipoze ki pratike fransè sou divès nivo metriz lang nan. Nou santi ki sa sa vle di ? Sa vle di kantite moun ki pratike kreyòl andedan AEC lontan pi fò pase ti ponyen sa ki pratike fransè.

Patrick Dahlet (2008: 26) gen rezon deklare :

La fondation de ces nouvelles identités régionales suppose ainsi le partage des langues, pour structurer un imaginaire dans lequel se retrouvent les valeurs de tous et de chacun. Au-delà de ces ensembles régionaux, il faut aussi compter avec les nouvelles exigences plurilingues des espaces linguistico-culturels qui, sans coïncider avec un territoire, un marché et/ou une armée, imaginent et multiplient les possibilités de multi-appartenances et de gouvernance pluri-apparentée (...).

Anfen, tankou Sony Estéus te souliye nan yon konferans pou laprès nan ouvè aktivite twazyèm kenzèn kreyolofoni en 2009, lang kreyòl la ta dwe dezyèm lang ofisyèl KARIKOM parapò a kantite moun ak peyi ki pale lang sa a nan rejyon Karayib la. Mwen menm, mwen pral pi lwen pou di kreyòl te dwe youn nan lang ofisyèl AEC. Alòske gen plis peyi ki pale kreyòl pase sa ki pale franse. Èske se menm politik ideyolojik tèt kanna a ki ap kontinye avèk boustè politik diplomatik woule m de bò, ipokrizi sounwa ki la pou fè pwomosyon pou sa ki pa bezwen sa menm ?

…………………..

Gade dezyèm pati a : http://www.alterpresse.org/spip.php?article11804

* Doktè nan Syans Langaj, Manm Konsèy Direksyon Fakilte Lengwistik Aplike, Inivèsite Leta Ayiti a.

[1Linguiste et terminologue haïtien vivant à Montréal, co-auteur de L’aménagement linguistique en Haïti : enjeux, défis et propositions, Montréal / Port-au-Prince, Editions du Cidihca / Editions de l’Université d’Etat d’Haïti (2011).

[2Dimitri Béchacq, 2003, La diaspora haïtienne à Paris : significations, visibilités et appartenances, http://www.gensdelacaraibe.org/recherche/articles.php?id_story=82