Haiti
Ti chèz ba

Vizyon ak aksyon SOFA nan zafè lit kont vyolans sou fanm


Ekri jou lendi 18 fevriye 2002

Olga Benoit, Reskonsab Komisyon Vyolans SOFA - 18 fevriye 2002

Depi nan fondman li, Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA) kòm yon òganizayon feminist otonòm angaje li pou mennen yon lit san pran souf pou konbat dominasyon ak sibòdinasyon fanm nan sosyete a, yon fason pou nou menm fanm nou rive jwi ak egzèse dwa nou kòm moun, tan n ap goumen pou yon sosyete egalitè.

Sitiyasyon vyolans sou fanm lan, jan kanmarad sè nou yo sòt demontre nan entèvansyon yo, se yon sitiyasyon inivèsèl, fanm divès peyi sou latè ap viv menm lè suivan reyalite divès peyi yo, kilti yo ak anpil lòt faktè, kab gen kèk nyans nan fason pwoblèm vyolans frape fanm yo. Men nan sitiyasyon vyolans spesifik fanm ap viktim nan sosyete patriyakal la, nou vle siyale 2 reyalite ki parèy pou nou menm fanm toupatou sou latè :

1. Nan tout sosyete, vyolans fanm yo viktim demontre inegalite pouvwa ki egziste nan mitan sèks yo, jan sosyete a aprann mesye yo pou yo egzèse swadizan pouvwa siperyorite li ba yo sou fanm yo. Kidonk nan tout peyi, vyolans sou fanm se pi gwo zam ki favorize sistèm patriyakal la kenbe fanm yo anba dominasyon.

2. Nou menm Fanm toupatou kote nou ye, kèlkanswa klas sosyal nou, nivo entèlektyèl oswa ekonomik nou, nou espoze pou nou viktim vyolans. N ap konfwote vyolans sou tout fòm li fizik, seksyèl, sikolojik, moral… depi nou piti jouk nou granmoun. Enpi, lè nou pa rive kase chèn la, vyolans nou viktim nan fanmi nou, nan travay nou, nan lari, e menm nan men moun nou gen relasyon lanmou ki sipoze renmen nou, kab voye anba tè.

Pou fè fas ak sitiyasyon sa a, nan anpil peyi nan divès kontinan yo, fanm yo mobilize yo òganize yo pou konbat vyolans anndan peyi yo, tan yo bay lebra ak lòt fanm, tabli solidarite pou inivèsalize lit n ap mennen kont fléau inivèsèl ki rele vyolans sou fanm lan. Pou pran yon egzanp ki pi pre nou, n ap sonje Mach Mondyal fanm 2000 yo ki te reyini plis pase 50 peyi nan diferan kontinan yo ; aux grands maux, les grands remèdes.

Lite kont vyolans sou fanm se yon lit ki di epi ki kab dire lontan menmjan ak tout lòt lit ki atake estrikti sosyete a. Nan peyi d’Ayiti, anplis karaktè espesifik lit sa a nou gen pou n fè fas kare ak yon reyalite kote sou chak 10 fanm ayisyen, omwen 8 nan yo viktim vyolans. N ap mennen lit sa anndan yon sosyete kote leta pa pran responsablite kote pa preske gen sèvis de baz yo alewè pou estrikti akèy pou fanm viktim vyolans.

Jodia nan kontèks kote politik neoliberal la ap aplike anba chal andan peyi a, Ayiti ap viv kriz sou kriz tan sitiyasyon ekonomik popilasyon an ap deteryore chak jou piplis epi fanm yo ap vin pi pòv, kidonk yo vin espoze pi plis ak vyolans. Tout sa, san swadizan responsab peyi yo pa gen kè sote. Okontrè sitiyasyon sa fasilite yo sèvi ak non pèp, ak kòz fanm pou regle koze yo. Moun ki gen rèn pouvwa yo pakab gen kè sote paske jouranjou enstitisyon yo ap disparèt pou kite plas pou vagabonday ak gaspiyay fèt nan leta. Se chwal papa, pèson pa gen kont pou rann, sitoyasyons sa ankouraje plis enpinite blayi nan peyi a ki vin lakòz, moun ki ap komèt zak agresyon kont fanm yo pa pantan paske lajistis menm jan ak anpil enstitisyon nan peyi a kòwonpi.

Sepandan, tablo sonm sa a nou drese la pa anpeche fanm yo rete mobilize kont vyolans sou fanm nan mennen aksyon konkrè tankou pote pwopozisyon pou chanje lwa yo jan sa te fèt ak palmantè 46ième Lejislati a, nan konsolide lit yo, nan devlope aksyon ansanm. Se nan menm mouvans sa a, SOFA enskri lit l ap mennen kont vyolans sou fanm ki oryante vè plizyè creneaux :

u Mobilize fanm yo pou ankouraje yo, denonse epi goumen kont vyolans k ap fèt sou fanm.
u Sansibilize popilasyon an pou yo rekonèt, denonse epi pran responsablite yo fas ak sitiyasyon vyolans fanm viktim ki se yon pwoblèm sosyal ki konsène tout moun
u Goumen pou fòse leta pran responsablite li epi respekte angajman li pran pou mennenn aksyon konkrèt pou desitire vyolans sou fanm
u Mennen aksyon pledwari sou kesyon vyolans la
u Ofri sèvis bay fanm ki viktim vyolans yo nan yon kad solidarite tan n ap ankouraje yo òganize yo pou lite kont vyolans
u Devlope relasyon patenarya ak lòt òganizasyon fanm, lòt enstitisyon k ap entèvni nan domèn janr anjeneral oswa k ap mennen aksyon spesifik nan kad lit kont vyolans sou fanm

Pandan 15 lane lit kont vyolans sou fanm, nan SOFA, nou toujou fè chwa pou aksyon nou yo rete kole ak yon estrateji entèvansyon ki anmenn reponn ak ideyoloji feminis tan li rete axe sou chwa nou fè pou goumen pou yon leta responsab, nan yon sosyete egalitè.

Se pousa, nan objektif pou ranfòse kapasite manm nou yo nan entèvansyon nan domèn vyolans, SOFA angaje li nan devlope yon Pwogram Apui pou prevansyon ak akompayman fanm viktim Vyolans PAPAFV. Avec PAPAFV, ranfòse estrateji SOFA nan bay manm nan divès depatman kote n ap entèvni zouti pou kab apiye ak akonpaye lòt fanm ki viktim yo tan n ap chèche enplike aktè ki nan zòn yo pou fanm yo jwenn sèvis y ap bezwen onivo medikal, legal ak jidisyè.

Nou chwazi gen yon apwòch estriktire, òganize ki pou pèmèt nou pwoche nou de kominote a nan ofri yo sèvis anmenn tan n ap goumen pou leta pran responsabilite li. Se nan objektif sa nou ap mete sou pye 21 sant DOVANJOU pou ofri yon sèvis de pwoximite kote yon fanm paregzanp ki viktim vyolans nan yon seksyon kominal nan komin abriko paregzanp, yon fanm viktim vyolans kab jwenn yon akonpayman epi sitou jwenn yon zòrèy pou koute yo.

Sant DOUVANJOU pou akeyi ak akonpaye fanm yo ki viktim yo, ap louvri nan depatman Grand-Anse kote n ap gen (5), Latibonit (6) ak nan Sidès (8), nan lwès (2). Sant akèy sa yo ap fonksyonen sou baz chwa nou pou fè yon entèvansyon feminis nan vyolans yon fason pou fanm ki viktim yo rive kase chenn vyolans la yo menm nan chèche konprann pwoblèm la, yon fason pou yo jwenn solisyon pou li. Se sa menm lojik sa a, nou ap oryante viktim yo monte gwoup antrèd nan mitan yo pou kreye yon kad refleksyon òganize pou devlope epi ranfòse solidarite nan mitan yo pou yo kab mennen goumen pou kase chèn vyolans la.

Lè nou konnen tout difikilte yon fanm ki viktim vyolans blije fè fas, apwòch nou chwazi nan lit pou desitire vyolans sou fanm mennen nou sansibilize epi fè apèl ak aktè tankou jij de pè yo, lapolis, pèsonèl, medikal pou yo jwe wòl yo nan zòn kote yo ap fonksyonnen epi pran responsablite yo devan vyolans k ap fèt sou fanm.

Tout esperyans ki fèt nan batay kont vyolans sou fanm an Ayiti tankou nan lòt peyi montre klè, yon ti gwoup moun, 2 grenn òganizasyon pap rive nan bout siklòn vyolans la. Se yon gwo pwoblèm sosyal ki mande enplikasyon tout moun tout sektè, paske nou tout konsène. Se pou sa nan estrateji batay kont vyolans, aksyon konsète okipe gen yon plas enpòtan se sa ki esplike patisipasyon nou nan yon seri aksyon mobilizasyon ak pledwaye onivo nasyonal kou entènasyonal.

Onivo nasyonal nou kab pran kòm egzanp : Patisipasyon nou nan tribinal Senbolik kont vyolans ki te fèt nan mitan ane 90 yo, patisipasyon nou nan Komite Negosyasyon fanm ak palmantè ayisyen, kounye a n ap tabli kad pou devlope yon plan pledwaye ansanm ak plizyè lòt òganizasyon fanm, Konsòsyòm CECI-SOFA ki ap reyalize pwogram PAPAFV la etc.

Nan menm kad sa a, SOFA patisipe nan gwoup travay sou yon seri dosye tankou Fich Inik pou ranmase ka vyolans nan peyi a. Yon zouti ki gen yon dimansyon nasyonal ki kab ede nou monte statistik sou kantite ka vyolans deklare eki kab sèvi yon endikatè tou pou konnen eta vyolans sou fanm la.

Onivo entènasyonal, nou devlope relasyon kolaborasyon, pataj esperyans avèk lòt òganizasyon fanm, lòt rezo fanm ki ap goumen pou kaba ak vyolans k ap fèt sou fanm, prezans medam ki la avèk nou jodi a se yon egzanp.

Kidonk, lit pou desitire vyolans sou fanm la se konba fanm yo anpremye, se konba tout lòt sektè ki vle goumen pou respè dwa ak diyite moun. Se pou sa li enpòtan pou pataje esperyans nou ansanm, mennen aksyon konsète, epi enfòme sou aksyon k ap devlope nan lòt peyi sitou nou nan yon kontèks politik kote nou wè ladwat ap vale teren modèl politik diktatè yo vle tounen sou moun, yon sitiyasyon ki frajilize aki nou deja genyen toupatou nan lemonn nan lit kont vyolans sou fanm ak kont tout lòt fòm dominasyon.

Men anpil chay pa lou, epi se ak anpil dwèt nou manje kalalou. Se pou sa nan SOFA, nou kwè nan mete ansanm nou kab rive mobilize fanm yo, popilasyon an pou pote kontribisyon yo nan desitire vyolans sou fanm epi pote leta pran responsabilite li pou l rive tabli bonjan politik pou yon jou nou gen kad ki pèmèt nou jwenn jistis kont vyolans nou viktim epi elimine sistèm vyolans sou fanm la.

Nou pap sispann pale,
Lit fanm lan se lit tout mas pèp la.