Haiti
Ti chèz ba

Avni mouvman koperativ la pa fin twò klè an Ayiti


Ekri jou lendi 20 me 2002

Marckingtoph Casimir, me 2002

Depi Bank Repiblik Ayiti (BRH) te fin pran desizyon pou fèmen pòt Bank Ayisyen pou Devlòpman (BHD) nan mwa fevriye pase ak desizyon kèk bank prive te pran pou pa aksepte koperativ yo depoze lajan lakay yo, dosye koperativ yo tounen youn nan dosye ki pi cho nan peyi a.

Sitirasyon sa a te oblije gouvènman an fikse pozisyon l. Nan koumansman mwa mas la, Minis Planifikasyon gouvènman Aristide-Cherestal la, Marc L. Bazin, te prezante yon pwojè lwa pou mete plis regleman pou sektè a, espesyalman koperativ epay ak kredi yo. Dapre reskonsab yo, fason koperativ sa yo ap pouse tankou djondjon epi danje yo reprezante pou sistèm finans ayisyen an, bay Bank Santral gwo tèt chaje.

Nan dokiman sa a, gouvènman an prevwa kreye yon biwo enspeksyon jeneral kès popilè yo, k ap tabli anndan Bank Santral pou fè aplike lwa sou koperativ yo. Dapre menm dokiman an, kreyasyon enspeksyon jeneral kès popilè yo p ap ranplase Konsèy Nasyonal Koperativ (CNC), k ap toujou kapab bay koperativ yo otorizasyon pou yo fonksyone. Pwojè lwa gouvènman an prevwa tou pou bay koperativ yo kèk avantaj fiskal menm jan tou pou pran sanksyon kont koperativ ki fè fayit yo.

Nan koumansman mwa avril la, gouvènman an depoze pwojè lwa a nan palman an. Nan pwojè lwa a, gouvènman an bay koperativ yo 2 lane pou yo mete yo an règ ak system finansye a.

Pwoblèm ki genyen nan sektè koperativ la

Nan koumansman mas, reprezantan plis pase 60 koperativ ki regwoupe yo nan Inisyativ Koperativ (Inicoop) te denonse yon konplo yo di k ap marinen pou kraze mouvman an. Responsab Inicoop yo te lonje dwèt sou sektè bank yo epi sou kèk responsab nan leta a.

Yon lòt seri koperativ ki travay nan domèn pwodiksyon te pran pozisyon nan menm peryòd la pou di, depi plizyè lane sektè koperativ la pèmèt ekonomi peyi a pran jarèt. Koperativ sa yo di yo dakò ak inisyativ pou reglemante sektè a, men fòk se yon lwa ki konsène tout fòm koperativ ki genyen. Yo fè konnen gouvènman an ta dwe bay koperativ ti pwodiktè yo priyorite paske yo kapab pèmèt pwodiksyon an ak ekonomi peyi a vanse.

Reyaksyon pat sispann tonbe. Kès Santral Pou Kredi Koperatif (CREDICOOP) Ak Sosyete Ayisyèn Epay Ak Kredi (SHEC), 2 koperativ ki travay nan kesyon epay ak kredi, te bay yo menm tou lide pa yo sou kesyon an.

Pwopozisyon SHEC ak CREDICOOP la se yon pwojè lwa ki genyen 7 gwo tit ak 248 atik. SHEC ak CREDICOOP te prezante li koumansman avril bay sektè ki enterese nan kesyon an, yon fason pou reponn pwojè lwa gouvènman an te pwopoze sektè koperatif la. Ansanm ak pwojè lwa sa, reprezantan 2 koperativ yo te prezante tou yon dokiman ki kapab pèmèt yo òganize sektè a.

Dapre reskonsab yo, pwojè lwa yo pwopoze a ranmase tout sa ki konsène koperativ yo. Nan dokiman an, responsab 2 koperativ yo defini divès fòm koperativ ki kapab egziste, diferans ki genyen nan mòd fonksyonman yo, fason koperativ yo òganize yo, kalite rapò ak kontwòl Bank Santral dwe genyen sou sektè sa a epi yon plan pou pase men nan sektè koperativ finansyè yo.

Dokiman pale tou sou nesesite ki genyen pou kreye yon kad legal ki pou pèmèt koperativ yo travay san pwoblèm, men fòk lwa sa a pa fèt anfavè yon ti gwoup nan sektè finansye a. 2 koperativ sa yo kwè fòk Bank Santral ta retire baryè ki anpeche koperativ yo rantre nan sitèm finansye mondyal la epi pou pran responsablite pou sipèvize aktivite koperativ yo, paske, dapre yo, Konsèy Nasyonal Koperativ (CNC) pa genyen fòs pou fè sa.

Pou Jn Mary Innocent ak Victor Brismond, ki pale nan non 2 koperativ yo, fòk koperativ yo bay tèt yo pwòp zouti pa yo pou defann enterè yo. Poutèt sa, yo kwè fòk koperativ yo genyen pwòp bank pa yo, Bank Nasyonal Koperativ yo. Nan bank sa a, 90% aksyon yo ap pou koperativ yo epi lòt 10% an ap pou Leta ayisyen.

Daprè reprezantan SHEC ak CREDICOOP yo, Bank Nasyonal Koperativ yo ap mache dapre tout sa lalwa ak règleman bank santral yo di. Anplis Bank Nasyonal Koperativ, reprezantan 2 koperativ yo fè konnen yo pral mete sou pye yon federasyon nan chak rejyon pou regle epi reprezante koperativ yo.

Innocent ak Brismond kritike politik bank prive yo ki sèvi ak lajan koperativ yo pou ogmante kapital yo nan achte bon nan bank santral epi fè plasman nan bank etranje, alòske yo pa vle rekonèt fòs koperativ yo.

Sou kriz k ap brase bil sektè sa depi kèk jou, Victor Brismond deklare kriz la se pa kriz sektè koperativ la, men pito kriz peyi a k ap lage pousyè sou sektè koperativ la ,

Jiskaprezan, gen anpil moun nan piblik la k ap di yo pa konprann kouman kèk koperativ fè bay to 12% chak mwa sou lajan ki depoze lakay yo. Anpil pawòl te pale kòmkwa lajan dwòg ta mele nan aktivite koperativ yo.

Prezidan peyi a, Jean Bertrand Aristide te deside li menm tou foure bouch nan kesyon an. Nan yon rankont li te òganize ak reprezantan koperativ yo 25 mas nan palè nasyonal, prezidan Aristide te mande reprezantan koperativ yo pou yo travay, anvan 31mas, sou pwopozisyon pwojè lwa gouvènman an. Men reprezantan koperativ yo pat satisfè aprè rankont yo te genyen avèk prezidan an.

Sa yo konsidere kòm kriz koperativ yo te pete 25 fevriye lè kèk responsab Bank Santral ansanm ak lapolis te fèmen pòt BHD, akòz bank sa a ta mal jere lajan kliyan li yo epi li ta reprezante yon menas pou sektè finansye a. Apre sa, Bank Santral fè konnen li pral likide tout aktif BHD yo. Aktyèlman, plizyè reskonsab bank sa a fèmen nan prizon.