Haiti
Ti chèz ba

7 fevriye 86 - 7 fevriye 2004, 18 lane aprè

Rejim Lavalas-Aristid la pase lespwa pèp la nan tenten


Ekri jou lendi 9 fevriye 2004

Kominike Regwoupman Demokratik Popilé (RDP)

AlterPresse resevwa dokiman sa a 9 fevriye 2004

7 Fevrye 86, Lit pèp la fòse solèy lespwa leve epi pèmèt rèv chanjman tout bon an blayi.
7 fevriye 2004 : Aristid ak ekip li plonje pèp la nan fènwa desespwa epi soti pou touye rèv 7 fevriye 86 la. Men, pèp la leve kanpe nan tout peyi a pou fè solèy lespwa a tounen klere tout bon fwa sa a.

Regwoupman Demokratik Popilè a wè:
7 fevriye 86 - 7 fevriye 2004, sa fè deja 18 lane depi pèp Ayisyen te leve kanpe anmas, kont vòl, kont represyon, kont koripsyon, kont pèsekisyon politik, kont asasina politik, kont inegalite, kont lamizè, kont eksklizyon, kont pezesouse elatriye

Regwoupman Demokratif Popilè a kwè :
7 fevriye 86, menm jan ak anpil lòt dat nan listwa nou, se yon gwo dat senbolik ki charye dèyè li anpil lespwa, anpil gwo rèv pou yon pèp vanyan ki t ap trimen anba lame, anba lamizè, anba tirani diktati, anba represyon, anba eksklizyon. Yon pèp ki pate sispann pran move kou nan men politisyen diktatè, koronpi, vòlè, machann peyi, sousou. Politisyen sa yo pa wè pi lwen pase pwent nen yo, ki pa janm gen okenn pwojè nasyonal ki pote revandikasyon pèp la.

7 fevriye 86 granmaten, pèp la atravè tout peyi Dayiti, avèk branch bwa nan men, yonn ap bay lòt gwo akolad lespwa t ap kriye viktwa, t ap rele viv Ayiti, viv yon Ayiti granmoun, viv chanjman total-kapital nan enterè pèp la, nan enterè tout moun. Pèp la te rele byen fò viv inite, viv libète, aba lamizè, aba sousou peyi etranje, aba fòs fè nwa, aba pezesouse.

7 fevriye 86, solèy lespwa a te leve : Lespwa pou moun jwenn travay, pou yo travay nan diyite, lespwa pou tout moun jwenn manje pou yo manje, lespwa pou tout moun jwenn lekòl pou yo ale, lespwa pou tout moun jwenn bonjan lopital, wout, elektrisite, distraksyon elatriye.

7 fevriye 86, rèv yon peyi san diktati te blayi nan tout peyi Dayiti. Tout popilasyon an te kwè jamè, jamè, jamè okenn diktatè, okenn kriminèl, okenn asasen pa t ap gen chans vin yaya kò yo nan tèt peyi nou ankò.

7 fevriye 2004, 18 lane aprè, pèp Ayisyen retounen anba yon rejim ak yon diktatè kriminèl, koronpi, atoufè, machan peyi ki rele Jan Bètran Aristid ki soti pou kraze, touye tout lespwa, tout bèl rèv 7 fevriye 86 te charye dèyèl ;paske Aristid trayi misyon pèp la te konfye l nan lane 1991 lan .

Men tou, 7 fevriye 2004 la leve jwenn pèp la kanpe nan batay nan tout peyi a kont rejim lavalas la, Aristid ak ekip asasen li yo ki soti pou plonje nou nan yon lavalas dezespwa, yon lavalas mizè, yon lavalas represyon, yon lavalas okipasyon. Aristid ak tout rejim lavalas li a reprezante yon danje sosyal, yon danje pou lavi peyi a, yon danje pou lavi chak moun andedan peyi a.

Gras a batay pèp la ap mennen san pran souf nan 4 kwen peyi a, avèk solèy lespwa ki rekoumanse a, nap kontinye batay kont tout gouvènman ki vle pran menm chimen ak Aristid.
Regwoupman Demokratik Popilè a, nan jounen 7 fevriye 2004 la, mande tout pèp la, tout sitwayen ak sitwayèn kole zepòl pou batay san pran souf pou desitire diktati, koripsyon, kesyon mete moun sou kote nan peyi a epi pran dispozisyon pou refè nasyon an sou bon jan baz tankou dwa granmoun nou, sa nou ye kòm pèp, egalite, solidarite, jistis, relasyon egalego fanm gason pou nou rive genyen yon peyi san fòs kote.

Regwoupman Demokratik Popilè a mande tout popilasyon an kontinye mobilize pou solèy lespwa kontinye leve.
Regwoupman Demokratif Popilè a di Fòk Aristid ale.
Regwoupman Demokratif Popilè a di li kont tout kalite entèvansyon etranje ak okipasyon peyi a.
Regwoupman Demokratif Popilè a mande pou tout popilasyon an, tout sitwayen ak sitwayèn reflechi pou nou refè peyi a nan sans enterè tout pitit li, pou nou pran lavi nou nan men nou, pou nou pa lage kò nou nan men etranje

Regwoupman Demokratif Popilè a mande pou nou fè tout sa ki nesesè pou nou rive pivit nan laviktwa

VIV LIT DEMOKRATIK POPILàˆ A
VIV LIT PàˆP LA

Pou otantiifikasyon :

Antonal MORTIME, RERKA

Carole P.P JACOB, KONAP