Haiti
Ti chèz ba

Bon Nouvèl : 35 an nan kore batay anfavè lang kreyòl la


Ekri jou lendi 29 avril 2002

Pòtoprens, 29 avril 2002 [AltèPrès] --- Jounal ayisyen ki parèt chak mwa Bon Nouvèl remèt, 27 avril 2002 a, 4 pri pou moun ki te ekri pi bon kont ayisyen sou anviwonman, nan okazyon 35 lane batay jounal la anfavè lang kreyòl la.

Devan plizyè dizèn moun, jèn, timoun, fanm, gason, nan fakilte syans imèn nan Pòtoprens, Pyè Feye resevwa pou premye pri a yon chèk 10 mil goud. Kaliks Lodit Pyè jwenn, pou 2 zyèm pri a, resevwa yon televizyon 20 pous, ki vo plis pase 5 mil goud. Kanta 2 twazyèm pri yo, Babara Bènadèl ak Pyè Lwi Oben, yo chak resevwa yon chèk 2 mil 500 goud.

Ane 2002 la, Bon Nouvèl resevwa sèlman 20 tèks ki reponn ekzijans yo te fè. Patisipan yo te ekri yon kont omwen 10 paj sou anviwonman / debwazman, dapre modèl kont Bouki ak Malis, moun ki fèt an Ayiti konnen, epi yo te peye yon ti frè. An 2001, Bon Nouvèl te resevwa tèks nan men 167 patisipan ki te lib ekri an kreyòl yon ti istwa 2-3 paj sou nenpòt ki sijè.

"Konkou sa a, se youn nan pedagoji nou mete sou pye pou ankouraje moun yo ekri ak li an kreyòl", dapre Mari Michèl Gaspa, youn nan redaktris jounal Bon Nouvèl.

Mari Michèl Gaspa regrèt dèske "anpil moun boude, yo derefize fè jefò ekri an kreyòl, malgre yo tout ap pale kreyòl chak jou". Menm nan inivèsite an Ayiti, gen yon seri pwofesè ki fè konprann se yon aksidan ki pouse kèk pwofesyonèl al travay nan pwojè kreyòl. Dapre Mari Michèl Gaspa toujou, pwofesè sa yo di nou ta gen plis enterè pou aprann lòt lang pou tabli relasyon ak moun lòt peyi.

Se lè yo rive sèvi ak kreyòl nan edikasyon, nan administrasyon, nan biwo lè yo vin itilize franse a kòm dezyèm lang, yon seri prejije va disparèt : se sa redaktris Bon Nouvèl la deklare. Pou limenm, gen yon pwoblèm pou plimeyank kreyòl yo ki pa ka jwenn kote pou pibliye sa yo ekri an kreyòl. Mari Michèl Gaspa mande jèn yo aprann renmen tèt yo, sa yo ye a, renmen ak respekte lang kreyòl la, pou yo pa gen pwoblèm ankò pou ekri an kreyòl.

Jounal Bon Nouvèl ap tann ayisyen k ap voye tèks omwen 80 paj sou lavi ak reyalite ayisyen, nan kad yon lòt konkou sou roman an kreyòl yo lanse depi plizyè semenn. Y ap remèt pri konkou roman kreyòl la nan dat 28 oktòb 2002 k ap vini an, ki va jounen mondyal lang kreyòl la.

Bon Nouvèl ap chèche enprimri pou pibliye tèks moun ki va soti loreya nan konkou sou woman an Kreyòl la. Fanm ak gason ki enterese gen jiska 15 me 2002 pou pote tèks yo nan jounal Bon Nouvèl. Tèks patisipan yo ap voye yo pa dwe te pibliye deja.

Enpòtans Kont pou bay lang kreyòl la plis jarèt

Kont yo ka ede anpil nan ede timoun yo aprann lekòl : sou kesyon koulè, jou ki genyen nan yon semenn, wòl pye bwa ki se pi gwo kado lanati ka fè nou. Yon kont dwe gen leson moral ladan pou pèmèt timoun yo ranmase sajès, bon lizay, tout sa ki pozitif. Se sa Babara Bènadèl, ki travay ak timoun epi k ap etidye sikoloji, deklare bay ajans AltèPrès, apre seremoni pou remèt pri yo.

Babara Bènadèl, ki se sèl grenn fanm ki klase pami 4 premye pri yo, panse kont li ekri a gen anpil enpòtans nan zafè edikasyon. Li te pran ekzanp yon ti lapen ki ap viv nan rak bwa pou fè pase mesaj ki di "bay latè d Ayiti yon chans, evite koupe pye bwa". Se yon malèpandye pou peyi a, jan sa sot parèt aklè nan dènye lapli mwa avril 2002 a.

Se pa sèlman Angle, Franse ki dwe gen lavwa ochapit. Li nesesè pou yo bay lang Kreyòl la premye plas nan inivèsite, nan lekòl segondè ak lekòl primè. Babara Bènadèl konsidere se ipokrizi lè yo di peyi d Ayiti gen 2 lang ofisyèl, paske "anvan tout bagay, se kreyòl la ki pi enpòtan".

"Lè w ap gade, lòt lang yo fè nou bèbè. Avèk prejije ou trape nan lekòl (yo mete yon pakèt lang devan w), ou toujou gen retisans pou pran lapawòl, paske ou pa konn sa ou pral di. Si w te konnen nan lekòl, tout tan, se lang ou abitye pale lakay ou a, se lang manman w lan pou w ta pale, tout moun t ap alèz pou pran lapawòl". Se pozisyon sa a Babara Bènadèl bay sou kreyòl la, pandan li pa t kache ajans AltèPrès, se premye fwa li pale ak jounalis devan yon kasèt.

Manmzèl presize li te vle montre "se pa sèlman nan konkou bote fanm ka patisipe, fanm ka pote kichòy tou nan lòt aktivite, tankou lespri, ekri tèks kreyòl ki se lang nou".

Premye pri a, Pyè Feye, esplike ajans AltèPrès li kwè Kreyòl la gen yon enpòtans kapital pou 100 pousan pèp ayisyen an, paske depi yon ayisyen fèt nan peyi a, se lang sa a li pale. Sa vle di, edikasyon an ka plis fèt an kreyòl, plis moun ka li ak jwenn enfòmasyon nan peyi a avèk yon jounal tankou Bon Nouvèl. Pa bliye, dapre lasyans, se nan lang manman w ou ka aprann pi byen.

Moun ki anba yo toujou ap suiv moun ki anlè yo, fòk moun yo sispann wont pou pale kreyòl, nou pa dwe melanje Franse ak Kreyòl lè n ap pale. Sa k fè yon seri moun mete anpil mo Franse nan Kreyòl la, se yon fason pou montre yo t al lekòl, yo gen lespri, yo eklere. Olye moun nan di diri, lari, malè, Jezi, li repete diru, laru, maleu, Jezu.

Kreyòl la se lang ki konekte tout ayisyen ant yo. Lè yon moun wont pale Kreyòl, se yon konplèks sa ye. Kreyòl la gen tout règ li menm jan ak lòt lang yo, dapre Pyè Feye ki te katriyèm nan konkou tèks jounal Bon Nouvèl te fè ane pase a.

Anplis li se pwofesè lang Kreyòl ak Espanyòl, Pyè Feye, ki fèt premye me 1974 nan vil Jakmèl, se yon etidyan nan fakilte lengistik aplike, li konn chante ak jwe gita tou.

Kote Bon Nouvèl ye apre 35 an batay pou Kreyòl la ?

Pè Jan Out, ki se direktè Jounal Bon Nouvèl, deklare bay ajans AltèPrès li wè gen yon evolisyon nan jan moun resevwa jounal la.

"Depi ane 2000, gen yon ogmantasyon abònman grenn moun ak nan lavant an detay nan zòn Pòtoprens. Se sa k esplike yo kenbe 18 mil nimewo chak mwa, ki sanble menm pa ase, devan demann k ap vin jwenn jounal la nan dènye tan sa yo. Si lontan te gen gwo abònman, kounye a gen enstitisyon ki pran 100, 200 sou 18 mil nimewo yo soti chak mwa jodia. Gen menm yon pawas katolik nan Plato Santral ki pran mil 100 nimewo chak mwa", dapre pè Jan Out ki santi l kontan pou pèfòmans 35 an jounal la rive fè avèk kongregasyon katolik pè Esket yo, menm si "mwenmenm mwen pa pote labanyè a sèlman ak 6 an mwen genyen nan direksyon jounal la".

Sou 18 mil nimewo a, gen 15 mil abone regilye (enstitisyon, òganizasyon ak grenn moun), 400 ki al jwenn dyaspora nan peyi lòt bò, rès la distribye nan lavant an detay. Bon Nouvèl te rive depase chif 2500 nimewo nan lavant an detay pou mwa ki sot pase a.

"Pa ekzanp, an novanm 2001, anpil moun te enterese achte Bon Nouvèl, paske li te gen foto Ousama Benn Ladenn, chèf rezo Al kayida a ki nan lagè ak peyi Etazini. Pou mwa avril la, Bon Nouvèl pibliye kalandriye koup dimonn foutbòl la ki ap fèt nan mwa me ak jen 2002 nan peyi Kore Di Sid ak Japon".

Pi gwo pwoblèm Pè Jan Out di li jwenn depi 6 an li nan tèt jounal la, se estim li kwè Kreyòl la poko genyen jiska prezan nan peyi a, jan lang sa a merite l. Yon majorite moun toujou gen prejije sou Kreyòl la, yo twouve se tan pèdi, se pa yon lang tankou tout lang, kreyòl la pa dwe antre nan lekòl.

"Se sèlman yon piblik byen defini ki toujou ap fè jefò pou lang kreyòl la. Apa peyizan ak sila ki gen entelijans, ou jwenn divès kategori moun nan sosyete a ki kontinye ap kore kòz batay anfavè lang kreyòl la. Kòm nou di l, baton k nan men w, se ak li pou w pare kou. Kreyòl la se lang manman w, se ak li ou dwe regle tout afè w".

Pè Jan Out ankouraje tout moun kwè lang kreyòl la, se yon lang tankou tout lòt yo, ki gen tout mwayen pa l tankou tout lòt yo. Olye yo chita ap mete franse a kòm premye lang, se pou yo pran Kreyòl la kòm baz edikasyon nan peyi a. Konsa, tout ayisyen va vin metrize l, epi nan lekòl segondè, yo va gen pwogram aprantisay lòt lang yo ak metòd ki kòrèk. [rc apr 29/04/02 17:00]