Haiti
Ti chèz ba

Represyon sou Travayè nan Nò

(Tit sa a, se editè a ki bay li)
Ekri jou jedi 25 avril 2002

Batay Ouvriye

Okap Ayisyen, Mèkredi 24 Avril 2002

DEKLARASYON

Semenn sa a make yon mwa depi lapolis ak reprezantan fòs akayik grandon ak boujwa blayi yon kokennchenn represyon sou pèp Gwasimal, Sen Rafayèl. Represyon sa a fòse pi fò travayè zòn lan rantre nan mawon. Miralès Senflè ak Enòd Jul arete ilegalman e ap sibi prizon depi plis pase yon mwa san motif ; Jak Antwà n arete ilegalman semenn dènye. Se yon pakèt travayè ki blije pran mawon, kite fanmi yo, pitit yo, ap sibi mizè. Nevèl Jan, youn nan yo, bat an san vandredi 22 mas 2002 ; Jij Elan, nan Tribinal Sen Rafayèl, menm derefize anrejistre plent ki t ap depoze sou sa, atestan ke sò travayè Gwasimal pa konsènen l.

Sè ke tout travayè pèsekite sila yo fè pati Sendika Ouvriye ak Sendika
Travayè Gwasimal Senrafayèl, 2 òganizasyon ki te mete sou pye nan chan zoranj kote yo prepare matyè premyè likè " Cointreau " an Frans. Represyon blayi sou yo poutèt yo oze kanpe anfas kolonn bouwo tradisyonèl yo nan zòn nan, kidonk:
· Pi gwo konpayi likè entènasyonal omonn;
· Bon jan reprezantan boujwazi bodmè tradisyonèl la, rapas pisan sa yo rele Novella/Zefi ;
· Grandon lokal;
· Ti sousou tout kalite, Jij, " jeran " Jan-Mari Senflè ki òganize
represyon an, " watchmann "…

Apre 40 an rapas sila yo te pran tè travayè yo ann echanj pou pwomès travay, dlo, dispansè, wout, lekòl… e ke, an reyalite, se pi mal zòn nan ap vin pi mal chak jou, kondisyon travay yo se kondisyon esklav, pa gen yon atik Kòd Travay la ki janm respekte, moun yo ap viv nan malsite total, yo pa gen rekou, menm chita pèsonn pa janm aksepte chita ake yo pou tande revandikasyon yo. Lè, kounye a, yon pati nan yo di se twòp atò, mizè a twò rèd e revandike omwen yon pati nan ansyen tè yo pou yo kapab kiltive e pa mouri grangou, klas dominan tout kalite louvri sou yo, kraze yo, demantibile yo. Ilegalman e an gwo ponyèt. Sa fèt malgre si gen yon tò, se nan kan dominan yo li ye, poutèt depi 40 an, yo poko janm respekte kontra yo te fè ak peyizan zòn lan.

BATAY OUVRIYE ap siyale sitiyasyon eksplozif sa a depi plis pase yon lane. Nou te pote plent devan lajistis pou kout manchèt yon watchmann te bay Sintès Estime, sekretè Sendika Ouvriye a, ane pase. Plent la pa janm ale pi lwen poutèt lajistis kowonpi ki ap travay nan enterè klas dominan yo tou sèl. Jounen jodi a, sitiyasyon an rive nan yon dènye limit kote dominan yo deside eliminen tout travayè sila yo ki te konn mèt tè yo, fè yo disparèt devan yo. Sitiyasyon an vin parèt konsa touswit apre yon deplasman Delege Depatmantal Nò a, mouche Jean-Myrtho Julien, te fè nan zòn nan ; depi lè a, demantibilay la louvri. Li swiv tou lanmò majistra zòn nan Fènan (Brenn) Sevè, akolit tèt kale klas dominan yo nan zòn lan e ki te deklare l kareman " chimè " pou defann enterè gran nèg yo. Jounen jodi a, se frè li ki ranplase l ofisyèlman. Nou deja ka wè sa sa vle di pou travayè yo.

N ap fè sonje ane pase, nan menm epòk la, nou te deja avèti : " Tout pèp ki peze, reziste. Jounen jodi a, abi patwon akokinnen ak leta a rive nan yon degre kote divès kote, ouvriye yo, travayè yo PA KAPAB ANKà’ e y ap bay sèl repons ki rete devan yo…Nan sitiyasyon sa a, Batay Ouvriye klè sou lefèt se toujou ak PàˆP K AP LITE POU DEFANN DWA YO l ap toujou kanpe. "

Jodi, 24 avril la, n ap retounen denonse, nasyonalman e entènasyonalman, maspinay total kapital k ap fèt sou popilasyon Gwasimal, Sen Rafayèl la,. Se pou travayè ki ap manje prizon ilegalman yo libere! Se pou dwa Sendika yo respekte, pou yo respekte dwa yo pou yo òganize, pou yo travay e viv nan kondisyon moun dwe viv ! Se pou represyon travayè yo ap sibi a ki pòtre sitiyasyon ki t ap desinen nan Pyat, Jève, ak lòt kote ankò kote masak te rive fèt manyè kanpe !

An menm tan, n ap lanse yon apèl pou tout ouvriye, travayè ak pwogresis konsekan nan kan pèp la pote kole ak travayè konsekan Sendika Gwasimal yo nan lit kòrèk yo pou fòse leta ak klas dominan nan peyi sa a respekte dwa travayè, sispann ap pale nan non pèp pandan y ap pile dènye dwa yo.

Batay Ouvriye, avril 2002