Haiti
Ti chèz ba

Ayiti Anba Menas Yon Twazyèm Okipasyon


Ekri jou jedi 29 janvye 2004

Pozisyon Gwoup Refleksyon pou mete kanpe Fwon Nasyonal Popilè Ayisyen

AlterPresse resevwa dokiman sa a 29 janvye 2004

Gwoup Refleksyon pou mete kanpe Fwon Nasyonal Popilè Ayisyen konstate depi mwa desanm 2003, gen yon pawòl okipasyon k ap pale anba chal nan nivo kominote entènasyonal la. Pawòl sa a vin parèt nan yon moman kote chalè beton an ap monte byen fò anba pye konze Janbètran Aristid.

Tousuit apre rankont ofisyèl CARICOM fè ak pouvwa a epi ak Platfòm Demokratik la, pawòl la pran lari. CARICOM ansanm ak pouvwa kriminèl lavalas la ak plizyè lòt fòs politik restavèk ap prepare yon okipasyon militè pou peyi Dayiti. Jounen jodi a, plizyè otorite nan CARICOM ap monte desann nan peyi a yon mannyè pou yo kapab chita okipasyon sa a. Kidonk, Ayiti sou wout pou l ta konnen yon twazyèm okipasyon si pèp la pa prese pase yon vitès siperyè pou bloke peyi a epi kapote rejim nan.

Devan sitiyasyon latwoublay sa a ak menas ki pandye sou dwa granmoun peyi a, Gwoup Refleksyon pou mete kanpe Fwon Nasyonal Popilè Ayisyen, blije ap poze tèt li anpil kesyon sou koze okipasyon sa a. Poukisa yon okipasyon militè ann Ayiti ? Eske peyi a nan lagè ? Enterè ki moun okipan yo ap vin defann ? Ki responsablite Platfòm Demokratik la nan koze okipasyon sa a? Kilè Platfòm Demokratik la ap bay esplikasyon sou rankont ki te fèt ak IRI nan peyi Dominikani anvan rankont CARICOM nan? Pou eseye reponn kesyon sa yo, Gwoup Refleksyon pou mete kanpe Fwon Nasyonal Popilè Ayisyen kwè :

1) CARICOM pa gen mwayen ekonomik, militè ak politik pou l soutni yon okipasyon nan peyi dAyiti. Kidonk, mèt okipasyon an se pa CARICOM.

2) 2 premye okipasyon Ayiti konnen deja yo ( 1915, 1994 ) pat fèt pou te rezoud pwoblèm peyi a. Malgre peyi a sibi 2 okipasyon, gade nan ki eta li twouve l jounen jodi a. Nan premye okipasyon an, meriken te bannou yon lame pouri ki te espesyalize nan kraze zo epi kite osèvis klas dominant yo. Okipasyon 1994 la bannou yon rejim konwonpi ak yon polis pouri ki espewsyalize nan vyole dwa moun, nan kraze zo ak nan komès dwòg. Okipasyon sa a ki te fèt ak konplisite pouvwa restavèk lavalas bannou plis mizè, chomaj, ensekirite ak gang ame k ap k ap touye, vòlè, vyole epi kidnape moun toupatou nan peyi a. Kidonk, se pa okipasyon militè k ap vin rezoud pwoblèm peyi a.

Fòk pèp la sonje, demagoji ak pouvwa kriminèl lavalas la pote l’OEA ale, li sal figi Tabo Mbeki, li kraze imaj Blak Kokis ameriken. Koulye a, se CARICOM ki se koutye enperyalis meriken ki pral depafini.

Sou baz konsta sa yo, Gwoup Refleksyon pou mete kanpe Fwon Nasyonal Popilè Ayisyen konprann poukisa CARICOM ki se koutye enperyalis meriken nan karayib la ap mache prese konsa nan dosye sa a. Li klè, se pou vin sove bato pouvwa restavèk lavalas la pèp la ap chavire, pase anba pye dwa granmoun peyi a, separe pouvwa a bay kèk politisyen ki sanble tèt koupe ak Aristid, ranfòse aparèy represyon an, fè dezameman fo mamit, òganize eleksyon bidon epi garanti aplikasyon plan neyoliberal la menm lè Aristid pa ta nan pouvwa a ankò.

Gwoup Refleksyon pou mete kanpe Fwon Nasyonal Popilè Ayisyen kwè li enpòtan pou pèp la, òganizasyon ak sitwayen konsekan yo reflechi anpil sou kesyon sa yo. Anmenmtan, Gwoup Refleksyon an kwè, sèl remèd ki ka konbat viris lavalas la se mobilizasyon. Nan sans sa a, Gwoup Refleksyon an mande popilasyon nan kat kwen peyi a, pou yo ogmante vitès mobilizasyon an san pran souf. Tout peyi a dwe leve kanpe, fèmen epi bloke jouk Aristid kite pouvwa a epi al reflechi nan prizon.

Viv yon pèp lib nan yon Ayiti granmoun !

Aba tout konze, machann peyi !

Aba Aristid !

Oganizasyon ki nan Gwoup Refleksyon pou mete kanpe Fwon Nasyonal Popilè Ayisyen an :

Mouvman Revolisyonè Ayisyen ( MRA )

Regwoupman Oganizasyon Popilè Granmoun yo

Mouvman Inisyativ Api Popilè ( MIAP )

Komite Inisyativ Jèn Machan Desalin ( KIJD )

Gwoup Refleksyon ak Aksyon Patriyotik ( GRAP )

Efò ak Solidarite pou konstui yon Altènativ Nasyonal Popilè ( ESKANP )

Mouvman Inite Pèp Okay ( MIPAK )

Fwon Rezistans pou Refòm Inivèsite Leta a ak Transfòmasyon sosyete a

Rasanbleman Militan Solidè Otwou ( RAMSO )

Kòdinasyon Rezistans Grandans ( KOREGA )

Mouvman Fanm Latibonit pou Devlopman ak Lavi Miyò ( MOFADEM )

Komite Jèn Sitwayen Sen Michèl Latalay ( KOJESMA )

Rasanbleman pou yon Mouvman Pwogresis Popilè Latibonit ( RAMPA )

Konbit Oganizasyon Peyizan (KOP )

Komite Defans Enterè Nasyon an ( KODENA )

Pou otantifikasyon :

Joseph J. Jasmin

Guy Numa

Polycape Westner

Paul André Garçonnet