Haiti
Ti chèz ba

Danje pandye sou dwa grandèt majè peyi a !


Ekri jou mèkredi 28 janvye 2004

Pozisyon 30 òganizasyon ak platfòm nan sektè demokratik popilè a sou pawòl entèvansyon fòs etranje an Ayiti

AlterPresse resevwa dokiman sa a 28 janvye 2004

Sòti 1789 rive 1804, zansèt nou yo te fè tout kalte sakrifis pou yo kapab kase chèn leksplwatasyon kolon blan te mete nan pye ak nan tèt nou. 1e janvye 1804 konsakre liberasyon total kapital peyi Dayiti. Malerèzman nan 2 okazyon, pandan dènye syèk la, (1915-1994) dirijan restavèk ankouraje letranje vin salopete diyite pèp la.

Jodi a, 200 lannen pita, jou pou jou, Jan Bètran Aristid ak politisyen rat do kale deside trennen pèp la nan labou ankò. Nou di non, mil fwa non ! Pèp ayisyen pap pran yon twazyèm okipasyon etranje, sou kèlkanswa fòm.

Regwoupman Demokratik Popilè, di pèp ayisyen an rale kreyon l make : Jan Bètran Aristid, nan mwens pase dis lane, vle fè etranje okipe peyi a pou garanti pouvwa pèsonèl li. Nan non ZANSàˆT yo Regwoupman an di non ! peyi a paka pran yon lòt okipasyon nan okazyon 200 tyèm anivèsè endepandans li.

Regwoupman Demokratik Popilè di non ! kont yon lòt okipasyon etranje, paske 1915-1934 te dekonstonbre peyi a epi 1994 kale ensekirite ak bann ame. Nou dwe klè, si okipasyon etranje te itil pèp, se pa Ayiti ki t ap jwenn li 2 fwa nan mwens pase yon syèk.

Regwoupman Demokratik Popilè di non ! paske se nou menm Ayisyen ki konn pwoblèm nou e konn kouman pou n rezoud li. Pwoblèm nou, se demisyon Aristid, pou peyi a kapab pran yon lòt depa.

Si CARICOM ak lòt peyi etranje yo vle ede tout bon, fòk yo ta kòmanse mete Aristid ankarantèn, sispann envite l toupatou, retire misyon diplomatik yo, koupe tout kolaborasyon ak li epi fè demach pou trennen l devan LAKOU KARAYIBEYEN JISTIS, ki se yon tribinal pou tout Karayib la. OEA, bò kote pa l, dwe fè menmjan nan tèt kole ak avoka serye nan peyi d Ayiti pou menm plent la rive jwenn LAKOU ENTEAMERIKEN DWA MOUN.

Tout kominote entènasyonal la abitye di se Ayisyen ki pou rezoud pwoblèm Ayiti. Regwoupman Demokratik Popilè mande yo tanpri, sispann sitirans la, pa kontrarye fanm ak gason Ayisyen vanyan ki kanpe dwat sou chimen rezistans pou voye Aristid ale, san okipasyon, pou AYITI tounen yon peyi tankou tout lòt peyi sou latè ki granmoun tèt li.

Aba Aristid ak tout rejim sanginè Lavalas la

Aba tout okipasyon kelkeswa sou fòm li ye a

Viv yon pèp lib nan yon Ayiti granmoun!

Pòtoprens, 27 janvye 2004

Pou Otantifikasyon :

Antonal MORTIME, RERKA

Carole P. P JACOB, KONAP

Oganizasyon ak enstitisyon ki siyen :

Antèn Ouvriye

Kay Fanm

Tèt Kole Ti peyizan Ayisyen

Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA)

CHANDEL (òganizasyon popilè pou edikasyon popilè)

UNNOH (Inyon Nasyonal Nòmalyen Ayisyen)

KANPAN (Kanpay Antidèt ak Ajisteman Estriktirèl pou yon Altènativ Nasyonal)

Regwoupman òganizasyon popilègranmoun yo

GRAEP (Gwoup Refleksyon ak Animasyon Edikasyon Popilè)

Enfo Fanm

MUPAC ( Mouvman Inite Pèp Okay)

Fwon Rezistans pou Refòm Inivèsite leta a

BRESTEK

RAJES (Rasanbleman Jèn pou Avansman Savanèt)

RERKA (Rezo Radyo Kominotè Ayisyen)

KONAP (Kòdinasyon Nasyonal k ap Plede koz Fanm)

ACO ( Aksyon Katolik Ouvriye )

Fanm YO LA

RAPL ( Rasanbleman Plantè Laskawobas)

KPN ( Konbit Peyizan Nip)

KODENA (Komite Defans Enterè Nasyonal)

GERDDH (Gwoupman Etidyan pou Respè Demokrasi ak Dwa Moun)

KORENIP ( Kòdinasyon Rejyon Nip)

FOPOD ( Fòs Popilè Delma)

PAPDA ( Platfòm k ap Plede pou yon Devlopman Altènatif)

KOREGA ( Kòdinasyon Rezistans Grandans)

SAKS ( Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal)

KFPN ( Konbit Fannm Peyizan Nip)

FGPB ( Federassyon Gwoupman Peyizan Bèlfontèn)

N.G ( Nasyon Ginen)