Haiti
Ti chèz ba

Ayiti : Pou kisa you Akademi Ayisyen epi kouman pou l moute ?


Ekri jou jedi 24 fevriye 2011

Lèt pou Komite inisyativ k ap travay sou Akademi ayisyen lang Kreyòl

Pierre Wilny Tessono

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 23 fevriye 2011

Onorab Manm Komite Inisyativ Akademi Ayisyen an,

Mwen wete chapo m pou m salye nou detan map di onè respè pou nou.

Nan okazyon premye anivèsè Deklarasyon lansman Komite Inisyativ sila, mwen ekri nou pou m bay dizon mwen pou kore jefò nap fè pou moute Akademi Ayisyen an. Mwen vle pote kole nan brase lide sou koze Akademi Ayisyen pou lang kreyol la, you kozman ki konsènè tout ayisyen alawonn badè, kelkilanswa kote lap viv sou planèt la jounen jodi a.

Enpòtans lang kreyol ayisyen an

Lang kreyol la, se lang tout ayisyen natif natal. Se lang nasyonal nou epi se youn nan de (2) lang ofisyèl peyi dayiti, dapre jan konstitisyon 1987 la nan atik 5 la konsakre li. Lang kreyol la, se youn nan mak fabrik ki idantifye nou kòm pèp; youn nan zouti ki marande tout ayisyen alawonn badè ki fè nou kab di nou se you sèl pèp ; se faktè koezyon sosyal nan peyi dayiti. Lang kreyol la se youn nan poto mitan idantite kiltirel pèp ayisyen. Lang kreyol la se you kòfrefò kote nou konsève memwa kolektif, savwa ak valè, tradisyon ak sajès pèp ayisyen an transmet bay chak jenerasyon pa filyè bouch ak zòrèy (teledyòl : oralite). Komkwadire, tout sa ki kapab ede ranfòse epi devlope kreyol ayisyen an, se you gwo kontribisyon nan devlopman fondalnatal pèp ayisyen ap chache a.

Mwen panse devlopman lang kreyol la pa kontrè ditou ak devlopman lang franse oswa lot lang etranje nan peyi dayiti. Okontrè, kapasite you moun pou eksprime li byen nan plizyè lang jounen jodi a, se you zèl kat datou nan dyakout li sou mache a. Ki donk, kowabitasyon sou baz egal ego nan bon jan antant lang kreyol ak franse nan sistèm edikatif ayisyen an ajoute sou ouvèti sou angle epi panyòl, se you pwen fòs pou nou pa pèdi. Pou dayè, lang franse a fè pati nèt al kole nan patrimwan kiltirel pèp ayisyen an tou. Nou dwe batay pou konsève epi ranfòse lang franse a tou pou sove mak fabrik nou kòm pèp ki gen kokenn avantay posede de (2) lang ofisyèl. Sak enpòtan, se pou leta ayisyen pran dispozisyon syantifik pou abouti ak rezilta kote tout moun ki pase 14 lane nan sistèm edikatif la, rive metrize tout bon vre tou de (2) lang ofisyèl peyi a, menm jan sa fèt lot kote, tankou Quebec pa ekzanp.

Nan tout sistèm edikasyon, lang se you zouti, you enstriman pou transmèt konesans. Pa gen plas, nan you vizyon konsa, pou dividal prejije ak diskriminasyon vizavi kelkilanswa lang la. Men pou rive kapte konesans yo, fòk moun nan konnen lang la dabò. Se pou tèt sa, lasyans pedagoji rekonèt pi bon fason pou transmet konesans, se nan lang manman, sètadi premye lang you moun pale epi konprann. Ki donk, ranfòse epi valorize kreyol la, se ranfòse sistèm edikatif ayisyen depi nan baz li, pou fòme lot kalte sitwayen ak lot mantalite.

Pou kisa you Akademi Ayisyen epi kouman pou l moute ?

Akademi Ayisyen an se youn nan zouti pou kore travay devlope, ranfòse epi valorize lang kreyol la; se youn nan zouti pou kore, rafèmi epi pwoteje idantite nou kòm pèp. Se youn pami divès Oganis nouvo nan Leta a, konstitisyon 1987 la, manman lwa peyi a kreye. Oganis sila, se youn nan pi enpòtan enstriman estratejik, nan kad pwosesis konstriksyon nanchon an, mouvman demokratik 86 la rive bay peyi a. Se you verite nan listwa tout pèp sou latè, nan moman kriz, toujou gen posiblite fè you bon kalitatif nan bon direksyon. Nans sans sa, Konstitisyon 87 la, reprezante you kokenchenn vansman pèp ayisyen an fè nan bon direksyon an ; espesyalman lè li enstore nan atik 213 la you Akademi Ayisyen pou fikse epi pèmet devlopman syantifik lang kreyol la.

Listwa prezans lang kreyol ayisyen nan divès lot konstitisyon anvan yo, montre klè kouman cheminman kesyon sa te difisil. Se jouk 160 lane apre fondasyon peyi a, nan Konstitisyon 1964 la nan atik 35, pou premye fwa lalwa te otorize yo jije you moun an Ayiti nan lang kreyol. Apre Refom Minis edikasyon nasyonal Joseph C. Bernard te lanse an 1979 pou entwodi kreyol kòm lang anseyman nan sistem edikatif ayisyen an, se Konstitisyon 1983 nan atik 62 ki resi deklare kreyol ak franse kòm de (2) lang leta.

Ki donk, kreyasyon Akademi Ayisyen an jan sa ekri nan atik 213 la, se etap pi avanse lang kreyol ayisyen an ap gen pou franchi, apre rekonesans ofisyel kòm lang nasyonal epi anplis kòm youn nan de (2) lang ofisyèl peyi dayiti te finn konsakre nan Konstitisyon 1987 la nan atik 5.
Alèkile, se reskonsablite istorik tout vre pitit tè dayiti, pou rann atik 213 sila operasyonel nan mete kanpe Akademi sa sou fòm you Oganis Otonòm Leta. Kom Oganis otonòm leta, lap bezwen chapo you Ministè pou li rantre nan òganigram administrasyon piblik la epi jwenn bidjè pou fonksyone.

Jan pwovèb la di: “kabrit ki gen twòp mèt mouri nan solèy”. Ministè edikasyon nasyonal deja gen twòp sou kont li. Mwen panse li ta pi pratik pou se sou labanyè you Ministè pi piti tankou Ministè Lakiti pou Akademi Ayisyen an ta va branche.

Atik 214 la presize Tit Manm Akademi an pa bay pyès moun dwa touche you yota; se you Tit onorofik.

Atik 214-1 di klè: “Lalwa detèmine mòd oganizasyon ak fonksyonman akademi” nan peyi a. Kòmkwadire, lwa sou fonksyon piblik la deja defini mòd òganizasyon ak fonksyonman Akademi an. Li rete pou Otorite reskonab yo nan Leta annik pran desizyon mete li sou pye epi vote lwa òganik ak regleman entèn. Desizyon sila vinn reyalite ak nominasyon Direktè Akademi an nan kad you dekrè prezidansyèl.

Akademi Ayisyen an dwe tounen katye Jeneral tout kreyolis ak tout espesyalis ayisyen nan zafè lang, anndan kou deyò peyi a, tout plimatwa ak pawolye kap kontribye nan anrichi lang kreyol la tankou Pwofesyonel Piblisite, Atis, Jounalis, Pè, Mè, Frè, Pastè, Manbo, Hougan, Sendikalis, Lidè oganizasyon sosyal y/o kominotè elatriye. Li dwe you espas ouvè, endepandan epi pliryèl kote reprezantan tout dis (10) depatman geografik yo anplis dyaspora chita ansanm pou travay, pou pwodi san se pa afè politik patizan yap regle.

Akademi Ayisyen an kapab kontribye nan devlopman pwofesyon Tradiktè Ofisyèl nan peyi a. Kantite dokiman ki bezwen tradwi nan 2 lang ofisyèl peyi dayiti, se you nich, you sektè nan mache travay la ki bezwen devlope.

Mwen panse Komite Inisyativ la ta dwe, nan kad chita tande (Kolok) li prevwa fè nan mitan ane 2011 la, bay tèt li kòm objektif :

1- Elaji Komite Inisyativ la ak divès lot Pèsonalite reprezantatif ki enterese.

2- Reyalize deba pou mennen nan konsansis sou jan pou Akademi an fome.

3- Pou Komite Inisyativ la jwenn you manda siyen pa tout patisipan nan Kolok la pou redije you Pwopozisyon Avan Pwojè Lwa Oganik Akademi an epi mennen demach fòmèl bò kote Pouvwa Ekzekitif la ak Pouvwa legislatif la pou mete kanpe Akademi an. Manda Komite Inisyativ sa ta dwe rete valab toutotan pa gen you Dekrè ki nonmen Direktè Akademi Ayisyen an.

Kenbe la.

Buenos Aires, 21 Fevriye 2011