Ti chèz ba

“Jounen Entènasyonal Lang Manman”, 21 fevriye

Ayiti : Nan respè pou konstitisyon an ak lang kreyòl la, fòk akademi an monte


dimanche 20 février 2011

Repons Fritz Deshommes* bay Tontongi 19 fevriye 2011 pou lèt misye te ekri nan dat 6 desanm 2010 pou li sipòte Deklarasyon sou Akademi Ayisyen an

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 19 fevriye 2011

Chè Tontongi,

M ap kòmanse pou m di ou mèsi pou bèl lèt ou te voye nan dat 6 desanm 2010 ban mwen ak tout kanmarad manm « Komite Inisyativ pou rive mete Akademi Ayisyen nan kanpe ». AlterPresse te pibliye l nan dat 22 desanm 2010 (“Api pou mete kanpe yon Akademi Kreyòl”). Se yon lèt ki konsekan. Li fè m reflechi anpil. Se pou sa mwen pran tan pou m reponn ou. M ap pwofite “Jounen Entènasyonal Lang Manman” an, 21 fevriye, pou m di ou tout sa lèt ou a enspire m.

Mwen fè ou konpliman pou jan ou akeyi Deklarasyon Komite Inisyativ pou monte Akademi Ayisyen an. Ou se premye moun ki pran tan prepare yon seri pwopozisyon sou oryantasyon Akademi an ta dwe genyen. Sa fè ni mwenmenm, ni Komite Inisyativ la anpil plezi e nou remèsye ou pou sa.

Sa konstitisyon an di

Tankou ou konnen deja, genyen omwen 4 kote anndan Konstitisyon 1987 la ki pale sou lang kreyòl la. Nou jwenn atik 5 la ki rekonèt yon lang nasyonal (kreyòl) ak 2 lang ofisyèl (kreyòl ak franse) ; atik 24-3 ki mande pou manda lajistis ap voye bay moun ekri ni an kreyòl, ni an franse ; atik 40 la ki oblije leta nan peyi d Ayiti pou li bay enfòmasyon ni nan lang kreyòl, ni an franse ; epi atik 213 la ki mande leta pou li mete yon akademi ayisyen sou pye pou fikse lang kreyòl la epi pou li travay pou lang lan rive devlope.

Soti 1986 rive jounen jodi a, li klè pou tout moun, gen kèk pa ki fèt nan lit pou lang kreyòl la vanse. Men deba sou kesyon akademi an fèt nan mitan kèk grenn moun. Deba sa yo rete nan yon seri ti sikui fèmen epi chak moun rete sou pozisyon yo. Se tankou kesyon akademi an pa enpòtan. Sa lakòz nou poko rive jwenn antant ki nesesè a pou nou vanse, e nou ta menm di genyen yon divizyon sou zafè sa a.

Rezon ki fè kèk moun kont akademi an

Genyen plizyè rezon ki fè kèk moun kont Akademi Ayisyen an. Gen moun ki senpman kwè nan lang franse kòm sèl zouti konesans ; l ap difisil pou fè yo tande rezon. Gen moun ki kwè se imite ayisyen vle imite franse, alòs si Ayiti genyen yon Akademi, se menm chwa Lafrans te fè nan lane 1635 lan ki pral repwodui. Yon lòt rezon ki dèyè mezantant sou Akademi Ayisyen an, se mo fikse a ki fè kèk espesyalis pantan epi yo rete bloke sou mo a (menm yon seri espesyalis pwogresis k ap fè pwomosyon lang kreyòl la). Paske dapre yo, yon lang se yon bagay ki dinamik, kidonk pale de fikse lang lan yon mannyè jeneral, se pa yon bagay ki posib. Men fòk nou rekonèt tou genyen bagay ki merite fikse. Chwa Òtograf ofisyèl Ayiti te fè pou lang kreyòl la sou refòm Bèna a, èske se pa fikse yo te fikse òtograf la dekwa pou moun pa kontinye ekri lang lan jan lide yo di yo ? Gen Ayisyen ki sèvi ak mo oubyen ekspresyon franse lè y ap pale kreyòl epi yo panse se estil y ap fè nan lang lan, èske sa se pa bagay ki merite fikse ? Èske pa dwe genyen yon enstitisyon ki gen ase otorite pou veye sa ?

Epi Atik 213 la pa pale sèlman de fikse. Li pale tou de devlope. E tout kote manman lwa peyi a pale de lang kreyòl se pou fè l vanse nètalkole.

Kreyòl ak franse nan peyi d Ayiti

Monchè Tontongi, anpil moun pa rive sènen lespri konstitisyon an sou zafè 2 lang yo. Konstitisyon an vle fini ak kesyon dominasyon lang franse sou kreyòl la, lè li mete ni kreyòl ni franse nan pozisyon lang ofisyèl epi li mande leta pou li travay pou lang kreyòl la devlope. Se yon okazyon leta te dwe sezi pou reglemante fonksyònman lang yo nan peyi a paske kantite ti Ayisyen ki pale bon kreyòl, bon franse apre dizan, kenzan nan sistèm edikasyon ann Ayiti, se yon wont pou sosyete a.

Mwen kontan wè depi alapapòt ou montre ou konprann yon seri efè Akademi Ayisyen an ap genyen sou sosyete a tankou : li ka fè moun nan sosyete a ‘‘fyè de tèt yo, fyè de lang yo, gen konfyans nan lavni’’, sitou nan yon peyi kote diskriminasyon kont moun ki pale kreyòl sèlman toujou egziste. Epi youn nan pi gwo konsiderasyon ou fè e ki se nannan kesyon an : se nesesite pou nou sèvi ak lang lan pou ‘‘satisfè bezwen pèp la nan zafè edikasyon…’’ Gen moun ki panse Akademi an se pral senpman yon zouti nan men kèk entelektyèl pou satisfè bezwen pou yo parèt mèt e seyè, men oumenm, ou gentan wè enpòtans akademi an nan ede pèp ayisyen an klewonnen vrè idantite li kòm pèp epi kore idantite sa a chak jou pi plis.

Tontongi monchè, mwen rekonèt ou vanse serye nan deba ki gen pou fèt la epi ou korèk sou anpil pwen ou abòde nan lèt ou a e ki fondamantal.

Gen moun ki bliye ki sa yon konsitisyon ye, ki enpòtans li nan yon sosyete, e espesyalman konstitisyon 1987 la, lè nou sonje nan kondisyon li te fèt la. Nou pa kapab fin fè yon lwa epi nou deside pa respekte l. E, menmsi ou tande tout bagay, konstitisyon 1987 nou an, se yon konstitisyon ki te prepare dapre yon demach demokratik ; epi 99.5% popilasyon ayisyen an te vote li nan yon referandòm. Gen moun ki bliye sa e mwen fè w konpliman yon lòt fwa ankò poutèt ou raple yo, konstitisyon sa a se rezilta lit pèp la, e fòk nou respekte l. Kifè, nan respè pou konstitisyon an ak lang kreyòl la, fòk akademi an monte, e Komite Inisyativ la mande tout moun respekte lespri konstitisyon an ki vle pou lang kreyòl la devlope. Li mande yo vin boukante lide sou oryantasyon Akademi an nan kòlòk n ap fè a nan fen mwa d oktòb ane sa a.

Akademi franse

Mwen kontan rapèl ou fè sou Akademi franse. Anpil moun pa konnen si se paske akademi franse te chwazi valorize mòd pale yon ti lelit ki fè se kalite oryantasyon sa a li genyen. Akademi franse a te chwazi enpoze yon mòd pale ki pa te mòd pale majorite popilasyon franse a. Nan ka pa nou ann Ayiti, se pral yon lòt reyalite, paske se mòd pale majorite popilasyon an ki pral valorize e kreyòl se sèl lang nasyonal peyi a genyen.

Epi, menmsi nou ka fè akademi franse a anpil repwòch, fòk nou rekonèt se te yon desizyon ki te pèmèt lang franse ki t ap sibi dominasyon laten vin libere epi koumanse devlope. Se te yon zak ki te fè Lafrans jwenn fyète li kòm pèp. Alò mwen kwè se yon leson peyi d Ayiti ta dwe tire nan eksperyans devlopman lang franse a epi fòk Leta pran responsablite li pou regle fonksyonman lang yo san li pa rantre nan yon demach ekstremis pou jete lang franse tankou li pa ta itil peyi a ditou.

Mwen remèsye ou pou konsèy ou bay sou kategori moun ki dwe reprezante anndan akademi an. Komite Inisyativ la pran nòt. Sa pral depann de kalite travay akademi an ap gen pou fè, e mwen kwè deba yo ap ede nou wè klè sou kesyon sa a. Mwen espere w ap vin pataje lide ou yo nan kòlòk la.

Yon referans, yon chwal batay, yon zouti pou devlopman

Pou mwen fini, Tontongi, m ap di ou :

- Mwen dakò ak lide pou Akademi an pa yon espas pou moun fè politik, men pito yon espas k ap aplike politik lengwistik konstitisyon an egzije a epi li dwe endepandan pou li pwodui travay teknik k ap pèmèt lang kreyòl la devlope toutbon vre.

- Dapre mwen, Peyi d Ayiti gen yon gwo chans nan kesyon akademi an : Akademi an p ap gen pou enpoze popilasyon an yon mòd pale paske mòd pale ki pèmèt tout Ayisyen youn konprann lòt la, li pa mòd pale yon ti gwoup moun.

- Se tout tan, n ap di nou gen yon lang ki rich, men nou poko ka evalye tout richès lang lan vre paske nou poko vanse ase nan sa yo rele kilti ekri a. Akademi an kapab pèmèt nou dekouvri richès sa a paske li kapab sèvi pou fè pwomosyon tout varyete rejyonal kreyòl ayisyen an (mòd pale tout depatman yo). Ala bèl sa ap bèl lè moun nan nò ap dekouvri bèl lide ak espresyon moun grandans ! Sa ap ede yo anrichi vokabilè yo. Gen yon transfè konesans ki pral fèt lè sa a.

- Gen moun ki plenyen paske gen konsèp ki difisil pou yo tradui an kreyòl. Akademi an kapab yon espas kote diskisyon fèt pou yo fè yon bon chwa tradiksyon konsèp yo, paske pou nou rantre nan yon demach prete mo, gen jan pou sa fèt.

- Ayiti gen enterè sèvi ak desizyon mete akademi an sou pye a, pou li tabli yon politik lengwistik ki makònen ak reyalite peyi a, pou li fonde yon nasyon ki fò, pou li tabli yon leta ki djanm, yon leta ki pran responsablite pou li fè edikasyon tout popilasyon an nan respè konstitisyon li ak pèp li. E se la a, mwen rejwenn lide w la ki di respè yon pèp genyen pou lang li ak jan li sèvi ak li kapab detèmine ki kalite sosyete li vle. Akademi ayisyen an se zouti konstitisyon an ban nou pou nou devlope lang kreyòl la e kèlkeswa lide kontrè nou ta genyen sou jan pou l ta fonksyone li ta dwe rete pou nou tout ki vle lang nasyonal nou an vanse yon referans, yon chwal batay ak yon zouti pou devlopman sosyete a ak tout moun nan peyi a.

N ap kontinye youn ekri lòt, boukante lide jouk rive nan jou kòlòk la.

Annatandan, monchè Tontongi, nan non pa m ak nan non tout Komite a, mwen voye yon bèl salitasyon pou ou nan okazyon « Jounen Entènasyonal Lang Manman yo ».

Kenbe la.

* Visrektè rechèch nan Inivèsite Leta Ayiti

………………..

Gade lèt Tontongi a : Ayiti : Api pou mete kanpe yon Akademi kreyòl