Haiti
Atik

Ayiti : Kritik sou “èd imanitè” ak “ONG”

Feblès Leta parèt aklè
Ekri jou mèkredi 5 janvye 2011

Pòtoprens, 5 janv. 2011 [AlterPresse] --- Reprezantan komite kan, sektè prive, ministè planifikasyon, Lakomin Pòtoprens, laprès, inivèsite ak lòt sektè ankò chita ansanm pou disikite ak kritike èd imanitè, pi espesyalman sa yo konn rele “ONG.”*

Youn apre lòt, entèvenan nan “Conference Nationale su l’Impact de la Reponse Humanitaire en Haiti”, ki fèt 4 janvye a, te kritike sa yo te wè kòm mank kòdinasyon, mank patisipasyon, move jesyon epi mank transparans nan travay aktè “imanitè” ap fè sou teren an.

Anplis, lefèt ONG yo pa santi yo oblije bay okenn otorite okenn rapò sou travay yo, vle di, si gen koripsyon, pèsonn p ap janm dekouvri sa a. ONG yo fè bèl rapò nan entènet pou bayè yo, men, pa pou otirite ak piblik an Ayiti.

“Nou remake, gen yon opasite ONG, notaman parapòta Ayiti,” dapre ekonomis Jean Marie Guillaume, ki te moderatè pou yonn nan plizyè panel, ki te pale devan yon piblik plis pase 100 moun ki soti nan laprès, sektè piblik, prive ak akademik. “Men fòk nou admèt, si ONG yo nan brigandaj, se paske nou menm, nou fèb.”

Feblès leta a evidan nan plizyè domèn, epi plizyè entèvenan te bay ka espesifik. Sepandan, se te entèvansyon Djery Maximé, ki travay nan « Unité de Coordination des Activités des Organisations Non-Gouvernementales » (UCAONG), ki andedan Ministè Planifikasyon, ki te ofri youn nan egzanp pi remakab.

UCAONG gen kòm reskonsabilite pou l anrejistre tout ONG epi asire travay yo fè tonbe daplon ak plan nasyonal ak sektoryèl Leta tabli. Se « Décret du 14 septembre 1989 modifiant la loi du 13 décembre 1982 régissant les ONG » ki kreye UCAONG epi ki detèmine yon seri obligasyon ONG nasyonal ak etranje dwe ranpli.

Maximé di leta ayisyen konsidere sèlman ONG ki anrejistre nan UCAONG kòm ONG ki “legal.”

“Gen moun ki pale sou 10,000 ONG… Pou nou menm, gen sèlman 495 ONG ki legalman anrejistre nan peyi a” : se sa Maximé esplike.

Nan lane 2010, yon lane ki wè plizyè santèn ONG debake nan peyi a, biwo sa a te gen tan anrejistre… 24.

Maximé di “gen obligasyon ONG parapòta Ministè Planifikasyon. Fòk yo soumèt rapò aktivite yo tou”.

Pou lane fiskal 2009-2010, UCAONG resevwa… 19 rapò.

Majistra Pòtoprens Jean Yves Jason te eksprime fristrasyon li tou parapòta ONG k ap travay nan vil la.

Jason di “tout ONG te sipoze vin enskri nan Meri a,” men “pa gen youn ki vini.”

Jason te remake, ONG yo ofri kad Meri ak benevòl Meri djòb avèk salè ki pi wo pase sa Leta ka bay.

“Yo pa bay èd paske yo vle ede. Yo bay èd paske yo vle kontwole,” dapre sa li remake.

Sepandan, menm si manm diferan komite kan ki te prezan te gen anpil kritik pou ONG, yo te kritike otorite ayisyen lokal yo tou.

Yon delegasyon ki te soti nan Kan Klib Petyonvil te gen anpil kritik pou majistra Petyonvil ak ONG yo tou.

Rodrigue Clerveau, ki nan komite kan sa a, te lanse anpil kritik pou ONG ki travay nan kan sa a.

“ONG yo, anvan yo vini nan kan yo, fòk yo chita avèk komite kan yo pou wè ki sa yo bezwen. Nan Petyonvil Klib sa pa rive fèt,” dapre Clerveau.

Menm lè pa gen yon lwa ki oblije ONG yo pemèt patisipasyon popilasyon an, tout ‘estanda’ yo tankou “Chat Imantè” (Humanitarian Charter) majorite ONG sou latè siyen, di kleman, fòk popilasyon an “patisipe aktivman nan evalyasyon, desen, enplemantasyon, monitorin ak evalyasyon final pwogram asistans la.”

Olye de sa, dapre Clerveau, ONG yo – tankou CRS, World Vision epi ONG vedèt sinema Sean Penn la ki rele “JB” – jere “anpil kòb” epi fè sa yo vle.

Men Clerveau pa kritike ONG sèlman.

“M ap mande m : eske Leta egziste?”. Dapre Clerveau, majistra Petyonvil pa janm vizite kan sa a, ki se youn nan pi gwo kan nan zòn metropoliten.

Dapre Clerveau, “jodi a si nou pa travay pou yon bon Leta ak yon gouvenman solid, nou p ap fè yon pa an avan”. Li ajoute : “jodi a n ap peye neglijans lòt lane yo.”

Petèt li pa etonnan, 2 kandida alaprezidans asiste disksyon yo tou : Michel Martelly ak Mylande Manigat.

Yo pa t fè anpil entèvansyon men yo te rete nan sal la pandan preske 2 zèd tan.

Doktè Claude Surena, presidan Asosyasyon Medikal Ayisyen, te pale tou sou ki jan sektè medikal la te eseye travay ansanm avèk ONG ak Leta pou fè fas a defi apre 12 janvye. Menm jan avèk kèk lòt entèvenan, Surena te remake ki jan, anvan 12 janvye, “Leta te defisyan an tèm sante.” Dapre Surena, gen 45% komin ki pa gen aksè nan sèvis sante, epi tou, sistèm ki an plas la gen “disfonksyon òganizasyonèl.”

Menm lè anpil ONG fè travay yo nan yon mannyè ki pa kòdone, ki pa toujou efikas epi ki pafwa fè dega, “ou pa ka refize sipò sa a menmsi anfèt se paske nou fèb.”

Ministè Sante mande tout ONG yo anrejistre tou. Dapre Surena, sa kòmanse fet…

Plizyè lòt aktè te fè entèvansyon.

Jounalis Israel Jacky Cantave nan Radio Caraibes te pale sou sa li wè kòm “batay ant ONG ak Leta.”

Sony Estéus, ki travay nan Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal (SAKS), te pale sou yon partenarya SAKS genyen avèk AlterPresse ak radyo kominotè – Ayiti Kale Je – ki fè jounalis envestigasyon sou kesyon ki mare ak “rekonstriksyon an.” Youn nan yo te dekouvri pwogram djòb “cash for work” yo fè yon seri dega nan ekonomi an ak sosyete peyi a.

Doktè Surena bay tout patisipan yo yon konsey: “fòk nou pa rete chita plenyen - fòk nou aji.”

Se yon ONG ki rele tèt li Hati Aid Watchdog (HAW) / Observatoire Citoyen de l’Action des Pouvoirs Publics et des ONG en Haïti (OCAPH), ansanm avèk « International Center for Journalists » ki te òganize konfèrans la. [jr gp apr 05/01/2011 06 :00]

…………………….

* Malerezman, pesonn pa t defini ki sa “ONG” vle di. Menm lè tout moun konnen li vle di “òganizasyon non gouvènmantal,” genyen gwo ajans entènasyonal ki resevwa tout lajan nan men gouvènman etranje, epi gen ti òganizasyon nasyonal ki preske benevòl…

Lyen:

http://www.mpce.gouv.ht/ucaong.htm

http://www.ayitikaleje.org