Ti chèz ba

Ayiti : Api pou mete kanpe yon Akademi kreyòl


mercredi 22 décembre 2010

Lèt Tontongi pou soutni fondasyon yon Akademi kreyòl ayisyen ann Ayiti

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 18 desanm 2010

Chè Fritz Deshommes,

Chè kanmarad manm Komite Inisyativ pou rive mete Akademi Ayisyen an kanpe,

Mwen pran ak e mwen konplimante nou pou anons « Deklarasyon Komite Inisyativ pou rive mete Akademi Ayisyen an kanpe » a, pibliye sou AlterPresse nan jounen 28 oktòb 2010 la. Si jefò sa a kontinye detèminasyon l pou l rive tabli e mete sou pye yon tèl Akademi, sa ap yon gwo ak enpòtan e yon pa lonng nan travay tablisman yon nasyon ayisyen ki alafwa fyè de tèt li, fyè de lang li pale a, ki gen konfyans nan lavni li, ki satisfè bezwen pèp li, pandan l’ap pouse travay edikasyon ak elevasyon pou fè zonbi goute sèl nan sen tout popilasyon li.

Respè pou yon lang ansanm ak praksis (praxis) pèp peyi a ap kalonnen pou devlope li e konsolide li, pou rann li vin pi djanm, ka detèmine kalite tip sosyete li vle pou tèt li.

Deklarasyon Inisyativ pou Akademi an tonbe nan kad sijesyon jeneral mwen fè nan yon dokiman pibliye an 2009 nan revi Tanbou ak revi AlterPresse ki titre « Pou poze baz fondasyon yon Akademi Kreyòl Ayisyen : Kèk konsèy pratik [1] ». Demand pou Ayisyen tabli yon Akademi Kreyòl Nasyonal se yon ekzijans konstitisyonèl ki tire otorite li de lalwa anvigè ann Ayiti (kouwè Deklarasyon Komite Inisyativ la trè byen raple nou).

Gen kèk moun ki di yo pa renmen ide yon Akademi Ayisyen ; youn nan rezon moun sa yo pouse kont li sèke, kouwè Académie Française la, yo pè pou l pa vin kodifye langaj kreyòl ayisyen an si tèlman ke l ka vin tiye kreyativite devlopman li. Se yon bon pwen, eksepte se pa paske te gen yon akademi ki fè sa rive ki vle di ke se menm bagay la ki dwe rive nan ka Akademi Ayisyen an. Sa te rive paske Académie Française la te fè chwa yon metodoloji, yon pratik travay ki te pètinamman vle pou li lelitize e nobilize lang fransè a. Se pa nesesèman sa yon Akademi Ayisyen dwe chwazi. Li ka chwazi, okontrè, pou li kite kreyòl ayisyen an ret louvri anvè enfliyans lòt lang, anvè enfliyans tout klas sosyal yo, li ka ret toleran anvè diferant kantite fason yon mo, ekspresyon oubyen yon fraz ka di san ke lang lan pa pèdi esans mwèl nanm li, ni idantite li. Li ka chwazi pou l pran kwazman li ak lòt lang oubyen diferan sektè sosyete a, non pa kou yon menas men kou yon anrichisman.

Tout moun gen dwa a opinyon li sou keksyon an, men sa pa dwe jennen anyen nan batisman ak konsolidasyon yon Akademi Ayisyen, e etandone Akademi an se yon ekzijans konstitisyonèl, sètadi yon asanblay de lwa fondasyonal ki sòti nan lit sitwayen ayisyen te mennen pou tabli bezwen ak ideyal lavi yo, se sèl yon amandman konstitisyonèl ki ka òdone rejete li ; e menmlè a tou l’ap gen yon karaktè reyaksyonè paske li wetire dwa anpil nan sitwayen peyi a te goumen pou yo genyen, nan ka sila la : tablisman yon Akademi Kreyòl Ayisyen ke palan kreyolofòn ayisyen yo bezwen pou ede valorizasyon, devlopman ak konsèvasyon lang yo an. Konstitisyon 1987 lan, ki soti nan lit pèp la mennen depi lontan, rive nan layitasyon, nan eklozyon ane 1986-1987 yo, mande eksplisitman, klèman-jekaleman, tablisman yon Akademi Kreyòl Ayisyen. Natirèlman, si ou se yon diktatè, yon anachis oubyen yon fachis, ou ka senpleman chire oubyen iyore Konstitisyon an e fè sa ou vle...

Reprezantativite Akademi Ayisyen an

Yon lòt fason yon Akademi Ayisyen dwe diferansye l de Académie Française la, se nan reprezantativite li, konpozisyon manmbèchip li, sètadi kalite moun yo kite antre e yo pa kite antre anndann l. Manmbèchip Akademi Ayisyen an dwe reprezante nan sen li diferan sektè oubyen estrata sosyete ayisyen an ki angaje yo nan sa Pierre Bourdieu rele a « echanj lengwistik » la, ki, kouwè mache kapitalis la « se yon echanj ekonomik ki etabli nan yon sèten rapò de fòs senbolik ant yon pwodiktè, ki gen yon kapital lengwistik pou l ofri, e yon konsomatè (oubyen yon mache) ki kapab bay yon sèten pwofi materyèl oubyen senbolik [2] ». Pwofi materyèl e senbolik yon Akademi Ayisyen ap vin bay ka sèvi kòm resous estratejik nan rapò de fòs alafwa ant pèp monoleng kreyolofòn ayisyen an e klas dominan, elitis frankofòn la, e ant peyi Dayiti avèk peyi dominan enperyalis yo. Natirèlman pwoblèm lengwistik pa nesesèman se pwoblèm de klas, ni yon pwoblèm de ras ou nasyonalite, men ann Ayiti yo kwaze kou lehuit. Yon Akademi Ayisyen (ansanm avèk yon ensèyman an kreyòl ayisyen) ap bay lang kreyòl ayisyen an yon vrè reprezantasyon nasyonal, pas senpleman yon bonsantimantasyon sou papye.

Se pa sèlman « akademisyen » ki gen gwo diplòm nan Inivèsite ki dwe reprezante ladann l, men tou ekriven, atis, entèlektyèl endepandan, sendika peyizan ak sendika ouvriye, òganizasyon fanm (ki konnen vyolans langaj ka pi rèd ke vyolans fizik), pwofesè lekòl, jounalis, anbrèf tout « lokitè » oubyen « palan » ki sèvi ak langaj kreyòl ayisyen an kou zouti. Dyaspora ayisyen dwe reprezante konsiderabman akoz de wòl enpòtan li deja ap jwe antanke simayennè, pwopagatè lang kreyòl ayisyen an nan divès kwen jeografik nan lemond. Yon bagay ki ede vivasite li.

Yon lòt konsèy mwen ta renmen bay, se sa ki gen awè avèk otantisite Akademi an, patikilyèman nan chwa lang ak langaj li fè nan aktivite ofisyèl li. Mwen satisfè ke anons Deklarasyon Komite Inisyativ la te fèt alafwa an kreyòl ayisyen e an fransè. Pa dwe gen ankenn dout ni chirepit ni konfizyon sou lefètke kreyòl ayisyen an se lang nasyonal, natif-natal tout Ayisyen, eke yon Akademi ki sipoze bay tèt li fonksyon pou li ede l devlope e valorize dwe koumanse montre ekzanp. Akoz de sa, li enpòtan pou tout travay ak fonksyon ofisyèl Akademi an fèt an kreyòl ayisyen — anplwa alafwa fransè ka opsyonèl. Menm bagay la tou pou prezantasyon, deba, diskisyon k’ap fèt nan konferans, kolòk, enstriksyon edikatif ki parenne pa Akademi a (ann atandan yon lwa nasyonal vin ekzije l nan tout peyi a, pa kòm sèl, inik lang prezantasyon, men omwen an parite avèk fransè a, dezyèm lang konstitisyonèl ayisyen).

Sa sa jisteman yon Akademi Ayisyen dwe ye : alafwa yon pwotektè, yon kreyatè, yon simayennè lang nasyonal peyi a ki pale pa 99.5% popilasyon an. Se yon sòt prensip premye nou tout ka dakò sou li. Yon lang enferyorize e meprize — kouwè kreyòl ayisyen ye koulyea e kouwè lang fransè te ye parapò a laten anvan ane 1630 yo — gen dwa a tout enstitisyon senbolik ki ranfòse onè ak fyète li. Batay liberasyon an kouvri tou chan senbolik e chan entelektyèl yo.

Sa pa di pa gen plas pou fransè nan sen Akademi a. Okontrè Akademi an dwe sèvi tou kou yon kafou rankont avèk tout lòt lang, patikilyèman lòt lang yo ki pale pa gwoup enpòtan ayisyen : fransè, anglè, espayòl. Anfèt Akademi an dwe gen yon biblotèk kreyòl ansanm ak yon biblotèk fransè, paske non sèlman fransè se dezyèm lang konstitisyonèl peyi a, paske tou youn nan travay enpòtan Akademi an se tradui an kreyòl ayisyen anpil zèv de valè ayisyen ki ekri an fransè [wè dokiman sou batisman Akademi Ayisyen an mwen endike piwo a].

Sa fè m plezi yon manm Leta ayisyen te reprezante nan Komite Inisyativ la, men nou dwe ensiste pou agajman Leta ayisyen an kontinye endepandamman de yon gouvènman ki sou plas ; li dwe transande sitiyasyon politik konjonktirèl yo — ki ale e vini kontinyèlman. Byennantandi, Akademi an dwe opere endepandamman de enfliyans Leta [refere ak dokiman « Pou poze baz fondasyon yon Akademi Kreyòl Ayisyen... » site piwo a]. Akademi an, menmlè li pa apolitik, dwe kenbe yon atitid non-patizan nan entrig ak magouy politik konjonktirèl k’ap mennen yo.

Finalman, se pou nou kontinye ap pouse pwosesis enstitisyonalizasyon Akademi Ayisyen an jiskaske li vin tounen yon abitid natirèl ka palan kreyòl ayisyen yo. Wòl yon Akademi pa bezwen se elitizasyon, transfòmasyon yon langaj jije enferyè nan wòl yon langaj dominan (kouwè fransè a te vin tounen alekzanp laten). Akademi Kreyòl Ayisyen an ka prensipalman ede a pwomosyon e edikasyon fondamantal nan sen popilasyon an, ede yo rekonèt enpòtans lang ak kilti natifnatal yon pèp genyen, e ede ba li respè yo merite l.

Mwen apresye lefètke Komite Inisyativ la souliye enpòtans estratejik kesyon Akademi an : « Nou pran konsyans pwoblèm lang kreyòl la se yon dosye estratejik sa vle di yon dosye majè pou Pèp Ayisyen an, ki dwe trete kòrèkteman, san pèdi tan. [3] » Li ta bon pou n ajoute ke enpòtans estratejik sa a peze nan respè lòt nasyon ap gen pou nou lè yo wè enpòtans ak respè nou bay a pwòp lang ak kilti nou. Ansanm ak enstitisyon nasyonal nou met sou pye pou nou fè yo avanse.

Inisyativ la kite chan revandikatif la pou l antre nan chan ekzekisyon prewogatif ak enperatif yon antite nasyonal otonòm, lib, genyen pou l tabli lalwa, tabli enstitisyon lejitim nasyonal yo, pran dwa yo toujou refize yo a, tabli pwòp sistèm de valè, de valorizasyon e de reprezantasyon pa li.

Natirèlman, mwen toujou dispoze pou mwen soutni inisyativ sila a.

Kenbe la,

- Tontongi

(Boston, 3 desanm 2010)
…………..

[1Resevwa nan atachman an kopi dokiman sa a (mwen ta renmen Sekretarya Akademi a plase dokiman sa a ansanm avèk nòt sila a nan achiv fondasyonal Akademi an). Nou ka li dokiman sa a tou sou jounal Tanbou : http://www.tanbou.com/2009/fall/AkademiKreyolAyisyen.htm oubyen AlterPresse : http://www.alterpresse.org/spip.php?article8858

[2Tcheke Pierre Bourdieu : Ce que parler veut dire, Éditions Fayard, 1982.