Haiti
Ti chèz ba

Dosye, dokiman

Tèt Kole ti Peyizan ap make 27 lane depi "lenmi pèp la" te masakre peyizan Janrabèl

Ekri jou mèkredi 23 jiyè 2014

Deklarasyon òganizasyon Tèt kole ti peyizan
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 17 jiyè 2014
23 jiyè 1987 - 23 jiyè 2014, sa fè 27 lane depi lenmi pèp la te masakre peyizan Janrabèl poutèt yo t ap goumen pou move kondisyon lavi peyizan ak mas popilè yo chanje nan peyi a. Jodi a, 27 lane apre, peyizan ayisyen ak mas pèp ayisyen an tonbe nan yon katchouboumbe ki pa gen parèy. Se yon veritab lagè kriminèl mafyozo gouvènman Martelly - Lamothe la ak ti gwoup moun k ap domine ekonomi peyi a ap mennen kont peyizan ak mas pèp ayisyen an, pou jan yo lage peyi a bay etranje pou piye tout min ak tout bon venn tè (...)

Fèt manman : SOFA mande prezidan Martelly pibliye lwa sou patènite responsab ak filyasyon an

Ekri jou sanmdi 24 me 2014

Kominike Solidarite Fanm Ayisyen
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 23 mai 2014
Nan okazyon fèt manman ane sa a, Solidarite Fanm Ayisyèn-SOFA, yon lot fwa anko, mande Prezidan Mateli pibliye lwa sou Patènite Responsab ak Filyasyon k ap kanni nan tiwa Palè Nasyonal depi avril 2012.
SOFA rale kreyon l make kouman yon lwa konsa ki tèlman enpòtan pou fanm yo ak sosyete a, pat enterese okenn aktè dyalòg El Rancho. Se menmjan ak lwa sou travay domestik la ki nan tiwa depi 2008 nan yon konteks kote yo ap pale sou koze salè. Aloskke nou konnen pifo moun k ap travay kay moun se fanm . Fanm sa yo ki (...)

Refòm nan Inivèsite Leta d Ayiti

Ekri jou jeudi 22 mai 2014

Fritz Deshommes
Pwofesè Fritz Deshommes, Vis Rektè Rechèch nan Inivèsite Leta a, fèk ekri yon liv sou « Brase lide sou refòm nan Inivèsite Leta d Ayiti. Li te dwe soti, nan okazyon Fèt Drapo ak Inivèsite a, 18 me.
AlterPresse pibliye entwodiksyon liv sa a
ENTRODIKSYON
Lè y ap pale sou Inivèsite Leta d Ayiti, sitou nan dènye moman sa yo, yo gen plis tandans sonje etidyan k ap manifeste, pwofesè k ap fè grèv, pwoblèm alatèt yo jwenn lè y ap eseye fè respekte kèk prensip. Men, anpil enfòmasyon pa sikile vre sou brase lide k ap fèt anndan enstitisyon an sou yon seri kesyon ki konsène l dirèkteman.
Moun pa (...)

Komite pou tabli akademi kreyòl ayisyen an : « Mize nan wout pote bon nouvèl »

Ekri jou lendi 12 me 2014

Nòt pou laprès apre pwomilgasyon ak piblikasyon lwa sou akademi kreyòl la nan jounal monitè
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 2 me 2014
Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an gen anpil satisfaksyon pou l anonse piblik la Lwa sou òganizasyon ak fonksyònman Akademi Kreyòl Ayisyen an parèt nan jounal ofisyèl peyi a « Le Moniteur » nimewo 65 nan dat 7 avril 2014 la.
Pawòl la di « mize nan wout pote bon nouvèl ». Se vre nou mize nan wout paske mwa avril sa a fè 12 mwa depi lwa a te vote nan chanm Depite a apre Sena a te deja vote l depi nan mwa desanm 2012.
27 ane apre Konstitisyon 1987 la te kreye (...)

Yon politik lengwistik nan mitan deba politik nan peyi d Ayiti

Ekri jou dimanch 13 avril 2014

Marie Rodny Laurent Estéus *
Atik sa a vin jwenn AlterPresse 7 avril 2014
Entwodiksyon
Kesyon lang nan peyi d Ayiti toujou rete yon pwen sansib anpil moun pè abòde seryezman. Youn nan rezon ki esplike sa se istwa dominasyon franse a sou kreyòl la depi nan tan lakoloni jis rive jounen jodi a. Istwa dominasyon sa a tèlman kreye diskriminasyon kont moun ki pa pale franse, ki pa ka pwononse detwa mo franse, sa te kreye anpil polemik ak rivalite nan mitan entelektyèl tankou nan mitan divès gwoup sitwayen nan peyi a.
Istwa sa a tèlman peze lou nan balans gouvènans peyi a, chak fwa pou yo pran yon (...)

0 | 5 | 10 | 15 | 20 | 25 | 30 | 35 | 40 |...