Ayiti-Repiblik
Dominikèn : Migrasyon ak Medya
Pòtoprens, 30 me - 3 jen 2001
| Accueil | Prezantasyon | Presentation | Presentacion | Programme |
Depi finisman ane 1920 yo, kesyon migratwa a, se toujou yon pwoblèm nan relasyon Ayiti ak Repiblik Dominikèn ki pataje zile Hispanola. Se nan peryòd sa a, Ayisyen te koumanse lage kò yo an Repiblik Dominikèn pa makòn pou al koupe kann, pandan endistri sik la t ap devlope kay vwazen, granmesi anpil envestisman ameriken.
1967 : premye kontra anbochay ant diktatè ayisyen Franswa Divalye ak prezidan dominiken Joaquim Balaguer, eritye diktatè dominiken Rafael Leonidas Trujillo. Apati epòk sa a, 20000 Ayisyen ap janbe fwontyè chak ane pou al koupe kann. Kontra a sispann nan koumansman ane 1990 yo, men pratik yo pa chanje. Pandanstan, apa sektè kann nan, yo anboche Ayisyen nan keyi kafe ak nan chantye konstriksyon yo. Koupèd kann yo viv nan sitirasyon esklavaj epi sa afekte imaj Ayisyen an Repiblik Dominikèn ki sibi tout kalte abi.
Akòz dezekilib devlopman ant 2 peyi yo, kantite dominiken ki vin an Ayiti, swa ak papye legal, swa nan kont mal taye, pa konparab ak kantite Ayisyen ki ale an Repiblik Dominikèn. Dapre enfòmasyon jounal dominiken bay apati chif ki soti nan Konsila dominiken an Ayiti, kantite Dominiken ki prezan an Ayiti pa ta depase 8.000. Ou jwenn yo nan sektè kwafè, estidyo bote epi sitou nan komès seksyèl, bouzendri. Se yon sitirasyon ki nui imaj fanm dominiken yo.
Migrasyon ak medya nan kontèks ayisyano-dominiken an
Seminè sa a se yon tantativ pou kreye yon espas deba ak refleksyon sou plas kesyon migratwa a nan medya yo, nan sa ki konsène Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Kouman medya nan 2 peyi yo trete Ayisyen ki an Repiblik Dominikèn oubyen Dominiken ki an Ayiti?
Anplis demach pou konprann reyalite sa a, seminè a se yon jefò pou ranmase temwayaj ak lide k ap ankouraje medya yo ouvri plis espas parapòta Ayisyen ki an Repiblik Dominikèn oubyen Dominiken ki an Ayiti. Atravè medya yo, Ayisyen oubyen Dominiken ki janbe fwontyè merite yon tretman ki respekte dwa yo, kilti yo ak diyite yo.
Kidonk, objektif detaye seminè a se :
- Gade evolisyon medya ayisyen ak dominiken nan kontèks politik ak ekonomik nasyonal rejyonal ak global.
- Etidye fason medya nan 2 peyi yo prezante Ayisyen ak Dominiken ki janbe fwontyè, swa kòm sijè nan aktyalite a, swa kòm moun k ap bay opinyon sou sa k ap pase
- Gade wòl medya dominiken ak ayisyen parapòta kesyon migratwa a
- Ranmase lide ak pwopozisyon sou fason rapò yo kab amelyore ant medya epi Ayisyen ak Dominiken ki janbe fwontyè.
|
Réseau alternatif haitien d'information |