Haiti-Republique
Dominicaine : Migration et Medias
Port-au-Prince,
30 Mai - 3 Juin
Patnè nan seminè a
7 enstitisyon ak gwoup pote kole pou reyalize seminè sa a. Se yon inisyativ Sant Rechèch ak Aksyon pou Devlopman (CRAD), ki jwenn konkou Gwoup Api pou Refijye ak Rapatriye (GARR), Kowalisyon Nasyonal pou Defans Dwa Ayisyen (NCHR), Gwoup Refleksyon ak Aksyon pou Libète Laprès (GRALIP), Sant Pon Ayiti, Bon Nouvèl, Centro Puente Republica Dominicana. Pwojè sa a rive tounen reyalite granmesi bourad Asosyasyon Mondyal pou Kominikasyon Kretyen (WACC).
»» Sant Rechèch ak Aksyon pou Devlopman (CRAD) se yon enstitisyon edikasyon popilè ak devlopman altènatif ki tabli an Ayiti depi 1983. CRAD pote kole nan animasyon ak fòmasyon nan divès branch pou peyizan, moun nan katye popilè ak fanm. CRAD angaje nan defans ak pwomosyon dwa kominikasyon pèp la. Seksyon Kominikasyon CRAD la travay dapre lojik Kominikasyon Altènatif Popilè. Li gen Sèvis Enfòmasyon (SICRAD) ki gaye enfòmasyon atravè divès medya ak rezo anndan kou deyò peyi a.
»» Gwoup Api pou Refijye ak Rapatriye (GARR) se yon platfòm 11 asosyasyon ak ONG ki kanpe depi 1991 nan moman Repiblik Dominikèn t ap pimpe Ayisyen ak Dominiken ki gen rasin ayisyen tounen an Ayiti. Ojektif fondamantal GARR, se chèche solisyon djanm pou pwoblèm migrasyon Ayisyen nan sèten peyi, patikilyèman Repiblik Dominikèn. GARR travay nan tèt kole ak kominote ki bò fwontyè a epi òganizasyon kou dominiken ki enterese nan dosye migrasyon an ak bon relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn.
»» Kowalisyon Nasyonal pou Defans Dwa Ayisyen (NCHR), se yon òganis defans dwa moun ki tabli nan Etazini depi 1982, peryòd kote li goumen seryezman pou defann dwa refijye ayisyen ki t ap kouri pou rejim bout di Divalye. An 1992, pandan peryòd koudeta militè a, NCHR ouvè yon biwo an Ayiti pou akonpaye viktim represyon yo epi fè presyon sou panzouyis yo. NCHR ap travay pou bay dwa yo jarèt an Ayiti, ranfòse kapasite Ayisyen yo pou pwoteje ak fè pwomosyondwa moun epi konsolide viktwa demokratik yo.
»» Gwoup Refleksyon ak Aksyon pou Libète Laprès (GRALIP) se yon òganizasyon ki kanpe 30 Novanm 1991, yon mwa apre koudeta militè beny san ki te fè anpil viktim nan laprès. Misyon GRALIP se tabli refleksyon ak deba demokratik, epi fè aktivite anfavè libète laprès ak libète la pawòl an Ayiti. GRALIP ap travay pou ranfòse kapasite òganizasyon jounalis yo ak leve sans kritik yo, pou favorize devlopman yon apwòch demokratik nan zafè enfòmasyon ak kominikasyon.
»» Sant Pon Ayiti fonde 5 Desanm 1996.Misyon l se devlope lyen solidarite ant Ayiti ak Repiblik Dominiken ak lot pep nan Karayib la ak nan Amerik Latin. Li la pou ede ayisyen yo rekonet idantite yo nan pwop peyi yo ak nan peyi tou kote gen yon kominote ayisyen. Atrave pwogram tankou Intercambio, Sevis Enfomasyon ak Kilti, Sant Pon Ayiti ap travay pou Ayisyen ak Dominiken ka rekonet vale ak riches kiltirel yo gen an komen.
»» Bon Nouvèl se yon ti jounal kreyòl, ki parèt chak mwa sou 16 paj. Li enprime sou 18 mil ekzanplè chak mwa. Jounal la te fonde nan mwa Avril 1967. Se yon pwojè ki te lanse pa kongregasyon pè Esket yo. Objektif pwojè a se toujou : 1) Bay lang kreyòl la jarèt, 2) Ofri moun ki renmen lang manman yo enfòmasyon, fòmasyon ak distraksyon nan lang kreyòl la, 3) akonpaye pèp Ayisyen an nan jefò l ap fè pou l rive nan yon vre demokrasi ak yon eta de dwa.
»» Centro Puente se yon Enstitisyon ki tabli depi jen 1993 nan Repiblik Dominikèn. Objektif li se konstwi bon jan relasyon zanmitay ant pèp ayisyen ak pèp dominiken, pa mwayen kominikasyon, edikasyon ak echanj kiltirèl. Atravè jounal, radio ak televizyon, Centro Puente menen aksyon ki pou oryante opinyon piblik la sou enpòtans bon jan relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn, sou lit kont vyolasyon dwa moun, prejije ak rasis. Aktyèlman, Centro Puente gen biwo nan Neyba, Santo Domingo ak Dajabon.
»» Asosyasyon Mondyal pou Kominikasyon Kretyen (ti non an Angle: WACC) tabli nan peyi Angletè depi 1975. Biwo santral la tabli nan Lond epi gen 8 branch rejyonal ki gwoupe 101 peyi ak 800 manm. Objektif fondamantal WAAC, se goumen pou gwoup moun yo mete sou kote nan sosyete a jwenn plas yo nan zafè kominikasyon. WACC òganize oubyen apiye konferans epi pibliye dokiman ki analize devlopman kominikasyon. Sou kesyon migrasyon ak medya, WACC deja apiye konferans ki fèt an Azi, an Afrik ak an Ewòp.
|
Réseau alternatif haitien d'information |