M pwofite
moman sa a pou m di w yon ti bonjou tou kout. M
wè y ap fè yon fèt entènèt ann Ayiti. Pandan
m ap fe jefò pou m ta aplodi bagay sa a, m pa
fouti anpeche m panse a tout bann ak pakèt moun
nan peyi ( lòt kote tou ) koze entènèt la kite
dèyè kamyonèt la.
M swete nan bèl fèt kap fèt la, moun yo va gen
yon ti panse pou zòt...
Kenbe, pa lage !
Nounous.
Bonjour
a toute l'equipe de Alterpresse.
Je suis pour le moment en Norvege, un pays en
Europe ou il fait extremement froid.
Grace a l'internet, tout en etant loin, j'ai ete
proche de mon pays et de vous autre. Le fait de
pouvoir suivre ce qui se fait chez moi, tout en
etant loin, est tres rechauffant.
Ainsi, en visitant les sites haitiens comme celui
de alterpresse, de Radio Metropole, j'ai appris
le deces du metteur en scene haitien, Herve
Denis, les prix de la liberte de la prresse
octroyes a des journalistes haitiens etc.
Interneet m'a aussi permis de rester en contact
avec ma famille et avec mes collegues de travail.
J'arrive a lire le courrier de chez moi, comme
celui de mon bureau a plusieurs kilometres de
loin.
Je vous enverrai un autre message plus tard sur
la meme experience.
Bisou
Colette
Good
day everyone:
I heard for the first time about your web page
while listening to alex Saintsurin radio
broadcast Carrefour, where he gave your web page
and indicated that there was some information
about the day of the Internet in Haiti.
Unfortunately I did not find an article but a
request for comments.
I think that Haitians in Haiti and in diaspora
should used ethically the medium of the internet
to rekindle relation between us as human
beings,but also to project a more positive image
of Haiti and the Haitian community in diaspora as
example to educate and motivate flellow Haitians
to do more to bring an awareness of Haitian
contributions to society in general.
I recently did a web page on the Haitian Music
Entertainment Award in Miami, and I was surprised
to read from email, the number of haitians who
did not know about this event, which is in its
sixth celebration
http://www.geocities.com/ndorestant/haitista.htm
Haiti's greatest asset is tourism by Haitian
diaspora. Even tout the Haitian environment and
beaches are not as attractive as they use to be.
Sometimes Haitian in vacation goes to the beach
of other countries, while they would have
preferred their own. I recently did a page on
nature and humanity where I included images of
Haiti and USA.
http://www.geocities.com/ndorestant/nature99.htm
I believe that in this age of information that
the Internet may be the only medium where
Haitians could compete for creativity and make
sure that they are not forgotten by the rest of
the world and remove the myth and the stigma of
backwardness, that the media has often associated
to the Haitian community.
Keep up the Haitian presence on the internet and
let us make good use of this medium to our
advantage.
Haiti and Haitians can do better than what we
have done so far on the internet.
Best wishes.
Noe Dorestant
http://www.haiti-science.com/haes
alterpresse...
un regard nouveau sur l'actualite
un souci constant d'objectivite
une volonte de vous informer
une page d'articles interessants
sur le web, par les reseaux de l'internet
alterpresse... la voie de l'avenir
yolette hazel
Que
de coches avons-nous ratés! En fait de
technologies et de révolutions... Que faire pour
ne pas rater celui-là?
D'abord, on ne doit pas compter sur l'Etat, qui
est en putréfaction. Ensuite, nous devons
éviter le mercantilisme à outrance. Enfin,
ouvrir véritablement à toutes les couches
l'apprentissage de l'outil indispensable:
l'ordinateur.
Les Clubs informatiques, les Cyber Café, il faut
les encourager partout, afin de laisser
apparaitre à coup sûr les talents. Nous savons
comment en Inde, par exemple, à quel point ces
nouvelles technologies sont maitrisées, nous
devons bien dire: pourquoi pas nous?
Pour une fois...
Serge Pierre-Louis
Jacmel, 24/04/02
Etandone
ke m ap viv andeyò peyi a, mwen p ap genyen twò
gwo bagay pou m di sou kesyon mouvman entènèt
lan ann Ayiti.
Sepandan, men panse zafè entènèt se yon gwo
zouti ki pèmèt kominikasyon fèt pi fasil ant
nou menm kap viv deyò e fanmi nou kap vi andedan
peyi a. Avni a ta pi bèl si plis moun ta ka
jwenn mwayen pou posede l e genyen koneksyon a
yon pri ki abòdab pou majorite pèp la.
Nan you peyi pòv tankou ayiti, entènèt lan
sanse jwe yon wòl total kapital nan zafè
edikasyon. Gras a entènèt enfòmasyon alapòte
de tout moun. Nan kad sa , tout timoun lekòl te
dwe rive konnen e kapab itilize zouti sa pou
emansipasyon yo e fòmasyon akademik e pratik yo.
Mwen bat yon gwo bravo pou efò sa ke nou fè pou
sekwe pèp lan ki sou bò pal ap vin poze kesyon
e chèche konnen sak entènèt lan.
Konpliman e kenbe fò
padel
Please pay a visit to:www.windowsonhaiti.com
and you will be amazed....give it a try!
Onè,
Se ak kè kontan m ap patisipe nan konbit
boukantay lide sa a ke Gwoup Medyaltènatif
òganize nan okazyon fèt entènèt la nan peyi d
Ayiti.
Alapapòt, m ap di ke mwen pa santi mwen kalifye
pou mwen reponn 2 premye kesyon yo, poutan mwen
konsidere yo kòm 2 kesyon ki enpòtan anpil.
Kidonk mwen lage lespwa m nan men lòt patisipan
yo pou mwen ka aprann: 1) nan ki nivo devlopman
entènèt ye nan peyi d Ayiti ? epi 2) nan
lemond?
Kanta pou 2 lòt kesyon yo, men kijan mwen wè
sa:
Ki rapò mouvman sosyal yo ak Entènèt ?
Entènèt la gen yon kokennchenn enpak sou moun k
ap viv nan anviwonman endistriyalize yo. Anpil
koze moun te abitye tande kòm tripotay (bri
kouri) k ap vonvonnen, tounen enfòmasyon
verifyab, analizab, diskitab granmesi yon bon
rechèch sou entènèt la. Menmjan an tou, anpil
manti moun te abitye pran pou levanjil koumanse
ap pran baf paske, alèkilè, analiz anpil
fouyapòt temerè vin disponib fasil-fasil sou
entènèt la. Paregzanp, se depi kèk tan gen liv
k ap dekri kijan CIA enplike nan anpil move zafè
tankou: sansinay Patrice Lumumba ak Martin Luther
King, koudeta nan Amerik Latin, dekonstonbray
mouvman popilè toupatou sou latè elat
Men, anwetan yon ti gwoup fouyapòt temerè, pa
gen anpil moun ki te rive gen yon lide global sou
wòl epi zak ke ajans sa a ap egzekite sou
planèt la. Kounye a, granmesi entènèt la, yon
militan dwa moun nan Gwatemala, kapap jwenn
dokimantasyon rapid sou zak CIA ap komèt nan
peyi Kongo. Yon militan dwa moun Ayiti kapab
konprann relasyon ki genyen ant tantativ koudeta
17 desanm 2001 an nan peyi d Ayiti epi tantativ
so kabrit ke Hugo Chavez reyisi pare 14 avril
2002 ki sot pase a la a, nan peyi Venezuela.
Kidonk, entènèt la vin pèmèt mouvman sosyal
yo pataje enfòmasyon youn ak lòt pi vit, pi
fasil epi li ede militan yo wè epi analize pi
byen sa k ap pase onivo global. Se sèten, menm
jan se pa tout liv, tout jounal, ki gen bon
enfòmasyon, se konsa tou sou entènèt la gen
yon katafal tentenad. Lesansyèl, fòk yon moun
aprann triye.
Antouka kreyasyon entènèt la se yon pa enpòtan
pou demokratizasyon enfòmasyon sou tout planèt
la. Se sèten gen plizyè lòt enpak sou mouvman
sosyal yo ki ta merite mansyone, men se sila a ki
pase nan lespri mwen an premye.
Soupke fè yon ti tès: Keseswa kote ou ye nan
moman sa a, ou ka ale sou www.google.com epi ekri
CIA, Martin, Luther, King epi ou va banm nouvèl
kisa ou jwenn.
Ki melanj teknoloji ki posib pou plis moun kab
benefisye nan resous Entènèt ?
Sa se ne koze a. Daprè sa m konprann, kounye a,
granmesi yon latriye teknoloji san-fil
(wireless), pèp yo fin tòtòt yo (paregzanp
Ayiti) pa sètoblije depanse milyon ven pou yo
gaye zouti kominikasyon tankou telefòn toupatou
nan peyi yo. Poudayè, senp envestisè prive
kapab wè avantaj yo nan achte satelit ki kouvri
yon rejyon. Alòs, trapde, nou ta kapab wè
telefòn, televizyon, radyo, (sa vle di
sikilasyon enfòmasyon) ap fonksyone nan tout
peyi d Ayiti. Kidonk, onivo entènèt, sa ki ta
manke alèkile se ta bwat òdinatè a, kouran ki
pou alimante li epi, sitou
.moun ki gen
konesans pou fè òdinatè a bay lakonesans ki ka
pase anndan kòtòf li a.
Imajine ou sa sa ka bay kòm rezilta:
Yon satelit ki ka voye siyal sou tout teritwa
Repiblik d Ayiti (se Leta Ayisyen ki achte li) -
mwen te tande yon Ayisyen fè sijesyon sa a deja
- sou entènèt la!
Chak komin nan peyi a gen yon gwo sant boukantay
lakonesans piblik ki louvri depi 6è dimaten rive
10 è di swa
Chak sant boukantay lakonesans gen yon òdinatè
ak yon gwo ekran kote lakonesans ap layite 6 sou
10. Entènèt ka konekte ak radyo, kamera videyo
elat
pou pèmèt enfòmasyon sikile, kit se
alfabetizasyon, kit se teknik plantasyon latè,
kit se dyalòg Ayisyen ak Ayisyen
.
Konbyen tan, ki kantite kòb sa t ap pran pou
leta Ayisyen fè yon envestisman konsa?
Nou deja konnen chak komin pa gen kouran
elektrik, men yo ta ka kotize pou itilize lòt
sous enèji annatandan. Antouka, kreyasyon sant
boukantay lakonesans sa yo t ap koute mwens
lajan, mwens tan ke sa ta koute pou leta pase fil
telefòn, bati inivèsite tradisyonèl, plizyè
sant alfa elat
.nan chak komin.
Pou pi piti entènèt la kapab ede leta
ekonomize. Men, tout lide m di m li ka fè plis
pase sa.
Entènèt la se yon opòtinite. Se noumenm moun
ki va deside ki sa nou pral fè ak opòtinite sa
a.
Orezime, fòs kreyativite se youn nan eleman ki
va detèmine si nou ap reyisi itilize entènèt
la kòm youn nan zouti k ap ede pèp Ayisyen
jwenn lavi miyò l ap bouske depi dikdantan an.
Kenbe fèm pa moli !
Jafrikayiti
«Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!»
http://www.i-port.net/sd-in-j/
Bonjour,
c'est avec plaisir que j'ai reçu l'invitation
pour publier un texte pour la journée de
sensibilisation du 24 avril. c'est une très
belle initiative. A laquelle malheureusement que
je vais pas pouvoir répondre.
Effectivement je travail actuellement sur un
dossier concernant les nouvelles technologies de
l'information et de la communication en Haïti
mais la consultation en retard de mon e-mail,
soit le 22 avril, ne va pas me permettre de
finaliser même une partie du document que
j'aurais bien aimé partager avec le grand public
haïtien.
Je vais quand même rester a l'écoute pour les
informations complementaires qui me permettront
de participer quand même a cette
activité.
Bon Travail, Mario
Bonjour,
Incontestablement, grâce à internet, les liens
entre Haïti et les ONG se sont intensifiés et
simplifiés, modifiant ainsi positivement les
rapports nord-sud et sud-nord de coopération, en
tous cas pour ceux qui y ont accès en Haïti et
qui devraient être de plus en plus nombreux.
L'information circule et peut être plus
diversifiée.
Pour ce qui concerne notre objectif de promotion
et de défense des droits de l'homme - internet
permet aussi une meilleure information au nord et
de plus rapides prises de position ou pressions.
En cas de violations, internet offre certainement
une protection par la diffusion rapide des
informations qui était inexistante il y a encore
quelques années.
Il reste à souhaiter que la qualité des lignes
téléphoniques haïtiennes s'améliore !!!
Bonne journée.
Secrétariat Plate-Forme Haïti de Suisse (PFHS)
Ch. de Cressonnex 1 A
B.P. 21
1288 AIRE-LA-VILLE
tél. 022 757 10 13
fax 022 757 38 63
|